Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Maladi Grif Chat

Kòman moun ka trape maladi grif chat ?
Se yon maladi ki touche plis timoun pase granmoun. Maladi sa ka rantre sou nou, lè yon chat grafiyen, ou byen mòde nou. Men, si se lòt zannimo, ou byen yon pikan, ou byen yon pwent fè ki grafiyen nou tou, nou ka trape maladi grif chat. Grafiyen an, se yon pòt pou mikwòb ki rèsponsab maladi a pase. Se yon klas mikwòb ki rele Wotya (Rothia), ki lè l miltipliye andedan kò  nou, li bay tout siy ak sentom yon enfeksyon.

Siy ak sentom ki ka fė nou sispėk yon moun soufri maladi grif chat
Fason maladi grif chat la prezante, li fè malad la santi bouch pa dou, fatig, lafyèv, tèt fè mal, malalèz. Ti gland (gangliyon) konn parèt nan zòn bò kote gen grafiyen an, ou byen nan zòn kote gen sikatris grafiyen yo. Gendefwa, ti gland sayo konn parèt nan plizyè kalfou  kò a tankou nan lenn, anba zesèl, akote kou, nan koud bwa. Lòt siy maladi grif chat la konn prezante  ankò, se bousòl ki konn leve sou kò moun lan, mak grafiyen yo, bò machwa enferyè anba zòrèy yo konn anfle, gen òga n  andedan vant tankou larat moun lan konn vin pi gwo.

Si maladi grif chat la pa jwenn trètman, li ka bay moun malad la gwo konplikasyon tankou : gland (gangliyon ) yo ka fè absè, enpi yo pete nan po kò a, li ka devlope gwo boul nan zye, li ka lakòz gwo kriz epilepsi (malkadi), enflamasyon nè yo ak atè ki andedan tèt la, enfeksyon nan poumon ak gwo pwoblèm nan zo yo.

Gen bonjan trètman ki egziste kont maladi grif chat. Men, pa bliye meyè trètman se prevansyon, prekosyon nou ka pran, se evite pou chat pa niche plè ou byen blesi timoun, granmoun yo, pa kite chat sikile nan chanm kote moun kouche pou dòmi, pa fawouche chat dekwa pou li pa grafiyen w, evite pikan plant ou byen metal…

Tanpri, bay patisipasyon w nan aprann ak transmèt konesans sou zafè maladi pou maladi rekile. Lè maladi rekile, se pwoteksyon pou wou, fanmiy ou ak tout kominote a…

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti