Fibwòm Iteris
Se yon maladi nou rankontre lakay fanm sèlman, paske se sèl fanm ki gen òga n iteris. Sou chak 100 fanm ki gen laj plis pase 35 lane, nou ka jwenn 20 nan yo ki soufri maladi fibwòm iteris.
Definisyon Fibwòm Iteris
Lè yon ti boul ou byen yon gwo boul leve andedan ou byen deyò kò yon moun, kote li pa ta dwe leve, yo rele boul sa timè. Gen bon timè, yo rele timè beniy paske se yon sèl kote li leve, enpi, lè w fè operasyon pou retire l, li pa retounen ankò. Gen move timè, yo rele timè maliy ou byen kansè, paske apati kote boul la leve a, li gen posiblite gaye nan tout kò a.
Lè li gaye nan tout kò a konsa, nou di li fè metastaz. Enpi, menm si travayè sante fè operasyon pou retire kansè a, li konn retounen ankò. Fibwòm iteris la se yon timè beniy ki devlope apati misk iteris la. Gendefwa, se yon sèl, gen lòt fwa se plizyè boul plizyè kote ki leve nan iteris la.
Ki kote nan iteris la nou pi souvan jwenn fibwòm?
Pi souvan, se nan kò iteris la, apre se nan kòl la, enpi se nan kò ak kòl la (nan ism iteris la) fibwòm yo sitiye. Pafwa, timè a konn devlope nan misk iteris la, enpi li byen gonfle andedan vant la.Gen lòt fwa, timè a, se andedan kavite iteris la li devlope, jis li soti nan twou kòl iteris la pou li rive nan vajen fanm lan.
Kisa ki ka lakòz yon fanm soufri maladi fibwòm iteris?
Maladi fibwòm iteris la souvan asosye ak yon sitiyasyon twòp òmo n femèl (èstwojèn) nan san fanm lan. Paske, nou remake fanm pa souvan soufri maladi fibwòm iteris anvan pibète (kivledi anvan li fòme).
Enpi, denpi fanm lan fè menopoz (kivledi li pèdi règ, li pa ka fè pitit nòmalman ankò), si li te gen fibwòm nan iteris la, gwosè fibwòm lan ka diminye, ou byen fibwòm lan ka disparèt san fanm lan pa pran okenn medikaman.
Nan toulede sitiyasyon sa yo: pibète ak menopoz, pa gen anpil èstwojèn k ap sikile nan san fanm lan.
Gendefwa, lè fanm lan konn rive nan menopoz, travayè sante konn prèskri li èstwojèn pou rezoud kèk lòt pwoblèm fanm lan. Lè sa a, si fanm lan te gen fibwòm, nou ka remake fibwòm iteris la gwosi.
Nan lòt sikonstans nou ka akize ipè-èstwojeni an (kivledi twòp èstwojèn nan san) ankò, se lè n konstate fibwòm iteris la gwosi pandan gwosès fann lan, paske lè yon fanm gwòs, li menm, tankou fetis la, ap fabrike anpil òmo n èstwojèn. Men, lè yon fanm ap fè planin grenn li pa soufri maladi fibwòm iteris fasil.
Ki kalite fanm ki ka soufri maladi fibwòm iteris pi fasil?
Se fanm ki obèz (kivledi maladi moun twò gwo), se fanm ki soufri maladi ipètansyon ateryèl, se fanm ki soufri maladi timè beniy nan tete, se fanm ki soufri maladi dyabèt, ak fanm ki gen tout kalite pwoblèm ki ka lakòz kantite èstwojèn ogmante nan san l.
Ki siy ak sentom ki ka fè nou sispèk fanm lan ka soufri maladi fibwòm iteris?
Fanm lan ki soufri maladi fibwòm iteris la, souvan li fè menoraji (kivledi règ li koule anpil, ou byen li gen polimenore, kivledi li gen règ plizyè fwa nan mwa a) ; li konn gen menometroraji, kivledi non sèlman règ li koule anpil, men tou, li souvan ap bay san menm lè li pa gen règ.
Pèt san sa yo souvan lakòz fanm lan vin soufwi maladi anemi san. Lòt siy ankò, nou konn remake vant fanm lan vin gwo enpi li byen di sitou anba ti vant la. Fanm lan konn bay ti pèt blanch (lekore) nan kilòt li, lekore sa a konn gen ti odè. Enpi, fibwòm iteris la konn lakòz fanm pa fè pitit, men se pa nan tout ka.
Fanm ki soufri maladi fibwòm iteris, konn souvan plenyen di l pipi dri, enpi se ti degout pipi (polakiri), gendefwa li konn pa menm ka pipi (retansyon irinè) ou byen li pa ka kenbe pipi (enkontinans irinè), li konn gen doulè anba tivant. Apre siy ak sentom sayo, gen plizyè analiz èspesyal travayè sante fè pou pèmèt yo sètifye fanm lan soufri maladi fibwòm iteris.
Evolisyon fibwòm iteris la
Timè a gwosi san rete pou li vin tounen yon gwo boul byen di andedan vant la. Gendefwa li konn tòde, sa ki ka lakòz gwo doulè britsoukou nan vant, anvi vomi (noze) ou byen vomisman, kè bat vit (tachikadi), ak lafyèv.
Gendefwa, timè a konn kwense iretè ak vesi a, sa ki lakòz doulè anba tivant nan vesi a, polakiri ak retansyon irinè. Lè timè a kwense tib dijestif la nan nivo rektòm lan, li fè fanm lan souvan anvi poupou.
Lè timè a kwense gwo venn yo, li ka lakòz edèm manb enferyè yo. Kèk fwa, timè a konn pouri, li fè enfksyon, se sa ki ka lakòz gwo lafyèv. Gendefwa tou, timè a konn vin byen mou, ou byen di tankou yon wòch (li kalsifye), ou byen li vin tounen kansè,nan kò, nan kòl ou byen akote iteris la.
Ki enfliyans yon gwosès sou fibwòm iteris la?
Lè yon fanm ansent gen fibwòm iteris, fibwòm lan ap gwosi byen vit ansanm ak gwosès la, enpi li sispann gwosi apre akouchman an.
Ki enfliyans fibwòm iteris la sou yon gwosès?
Lè yon fanm ansent gen fibwòm iteris, fibwòm lan ka lakòz fanm lan fè avòtman ak emoraji, li ka lakòz plasenta a mal plase andedan iteris la, li ka lakòz fetis la mal prezante ak anpil emoraji lè delivrans la, li ka menm lakòz kèk venn fanm lan bouche (Twonboz ).
Prekosyon kont maladi fibwòm iteris la
Meyè prekosyon vizavi maladi fibwòm iteris la, se pa pèmèt li fè dega lè l deja parèt, paske li difisil pou anpeche li rantre sou wou. Sèl travayè sante ki gen konpetans pou sa, kapab ba w konsèy selon gwosè fibwòm lan.
Fibwòm iteris la, se pa yon enfeksyon, se pa yon maladi atrapan, men se yon maladi nou dwe konnen, paske plis nou konnen maladi, plis maladi ka rekile. Enpi, lè maladi rekile, se pwoteksyon pou wou menm, pou fanmiy ou, ak pou tout kominote a.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|