Èpès
Nan gwoup maladi èpès yo gen plizyè fòm maladi. Men, non maladi yo pa sanble.Se konsa nou gen maladi varisèl, maladi zona, maladi èpès nan bouch, maladi èpès nan sèks, yo tout se maladi èpès, enpi tout maladi èpès yo atrapan.
VARISÈL
Maladi Varisèl, se li moun rele maladi saranpyon. Lè moun soufwi maladi saranpyon li santi kò fè mal, li pa ka dòmi, li gen lafyèv, li konn touse, li gen gland ki anfle nan plizyè kalfou kò a, kò l grate l li pike l, enpi plizyè ti bouton dlo klè leve sou tout kò moun lan…
Ti bouton dlo sayo, yon pati nan yo ap chèch enpi fè kal pandan yon lòt pati kontinye ap pete nan kò a. Apwe kèk jou lè malad la fin refè, tout tach ti bouton yo disparèt sou po kò l, men mikwòb la toujou rete sere andedan kò a.
ZONA
Lè yon moun te soufwi maladi varisèl, menm si se denpi lè li te timoun, malgre tout tach ti bouton yo disparèt, mikwòb la toujou rete andedan kò a. Tout sikonstans ki pèmèt defans kò moun sa febli, ka lakòz maladi zona parèt sou li, kote menm ti bouton dlo yo parèt nan yonn ou byen nan plizyè pati nan kò a.
Nan maladi zona a, ti bouton dlo yo parèt yon sèl kou yon ti pakèt yon kòlonn yonn akote lòt. Yo konn parèt pi souvan nan do, nan pwatrin, nan vant, nan men, nan pye, nan figi, nan fès, nan vajen pandan fanm lan gen règ, nan kwen bouch ak lòt kote ankò. Lè ti bouton dlo sa yo konn pete nan bouch, moun yo konn di se lafyèv ki kase nan bouch moun sa. Se yon fòm maladi èpès nan bouch.
Kote ti bouton zona yo leve a, yo fè malad la mal anpil, menm lè ti bouton dlo yo disparèt, kote a grate, li pike l, enpi, mikwòb yo retounen sere andedan kò a, pou yo parèt ankò chak fwa defans kò moun lan febli.
Maladi èpès nan bouch ak èpès nan sèks
-Lè yon moun soufwi maladi èpès nan bouch, li gen yon pakèt gwo bouton ki gen pij jòn nan bouch , nan figi, nan zye, andedan tèt ak nan pati anwo kò a jis rive nan senti. Yo rele l tou, maladi ėpės tip 1, ou byen ėpės pati anwo senti kò a.
-Lè se maladi èpès nan sèks malad la soufwi, gwo bouton ak pij jòn pete nan pati kò fanm (vajen) ou byen kò gason (peni) li ak nan tout pati anba kò, anba senti a. Yo rele l tou maladi ėpės tip 2, ou byen ėpės pati anba senti kò a.
-Lè yon fanm ansent soufwi maladi èpès nan sèks, pandan akouchman an, ti bebe a ka trape maladi a, si li pa te gentan trape l denpi andedan vant.
-Lè yon fanm soufwi maladi èpès nan sèks dri, gendefwa li konn vin soufwi maladi kansè nan matris akòz enfeksyon an.
Prekosyon kont maladi èpès
Tankou pou tout maladi atrapan, lè moun soufwi maladi èpès, li dwe ale konsilte dekwa pou travayè sante ede moun sa jwenn swayaj. Kit se maladi varisèl, zona, maladi èpès nan pati anwo ak nan pati anba kò a nou pa dwe mete menm rad, menm anbarad ak moun ki soufwi maladi a. Moun ki soufwi maladi èpès dwe benyen dri ak dlo ki chofe solèy, ki gen fèy kowosòl ak yon ti grenn pèmaganat, li dwe chanje dra ak sak zorye chak jou.
Si se maladi varisèl moun lan soufwi, lè l fin benyen, l ap pase kleren ak lanmidon sou tout kò l chak jou. Lè timoun yo soufwi maladi varisèl, nou pa dwe voye yo lekòl dekwa pou n pwoteje lòt timoun ki nan klas la, ki nan lekòl la.
-Lè moun soufwi maladi èpès nan sèks, nou dwe mete kapòt pou n byen ak li, paske maladi sa, se nan sèks ak nan san moun trape l, tankou maladi sida.
Yonn di lòt, maladi èpès, nou tout ka trape l…
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|