Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Enpisans Seksyèl: Gason Ki Pa Gason

Enpisans Seksyèl: Gason Ki Pa Gason
Byen souvan, rezon ki konn lakòz yon gason vin pa gason, kivledi li enpisan nan relasyon ak fanm, se pwoblèm nan lèspri li ou byen pwoblèm nan kò l.

Kisa enpisans seksyèl vledi?
Enpisans sekyèl vledi : gason an pa ka ejakile, kivledi li pa ka voye ; enpisans seksyèl vledi tou gason an èsteril, kivledi li pa gen jèm gason ki pèmèt li fè pitit ; enpisans seksyèl vledi tou gason an pa ka bande ou byen bann gason an pa ka kenbe, l ap limen tenyen. Nan chapit sila, n ap sèlman konsidere ka gason ki pa ka bande, ou byen peni an, kivledi kò gason an pa ka rete kanpe pou bon ti tan jis pou li rive rantre nan relasyon ak patnè a. Gason an ki gen pwoblèm enpisans seksyèl, li souvan plenyen di peni an pa kanpe djanm, li mòlòlò, ou byen lè li andedan fanm lan li tenyen.

Konbyen fòm enpisans seksyèl ki genyen?
Nou dwe distenge plizyè fòm enpisans : Gen enpisans primè, enpisans segondè, enpisans pafwa, enpisans toutan, enpisans nan kèk sikonstans…

Enpisans seksyèl primè
Nan enpisans seksyèl primè a, gason an gen pwoblèm denpi lè li te ale nan relasyon premye fwa, kivledi denpi nan premye eksperyans seksyèl li.

Enpisans seksyèl segondè, ou byen Enpisans seksyèl apre
Enpisans seksyèl apwe vledi, gason an te kòmanse byen, se apwe nan lòt eksperyans seksyèl li vin enpisan.

Enpisans seksyèl pafwa
Enpisans seksyèl pafwa vledi, gason an toujou gen kè sote lè li pral rantre nan relasyon an, li pa konnen si bann lan ap parèt ou byen si li p ap parèt nan randevou a. Men, gen lè li parèt, gen lè li pa parèt.

Enpisans seksyèl toutan
Enpisans seksyèl toutan vledi, gason an pa janm bande ankò ak kèlkeswa patnè a.

Enpisans seksyèl nan kèk sikonstans
Se lè enpisans seksyèl la parèt nan kèk sikonstans, ou byen ak yon kalite patnè, men li pa manifèste ak tout lòt patnè yo.

Eske se pwoblèm nan lèspri sèlman, ou byen, èske se pwoblèm nan kò sèlman ki ka lakòz yon gason vin enpisan?
Pi souvan, se pwoblèm nan tèt, nan lèspwi ki lakòz gason gen enpisans seksyèl, men, pwoblèm nan kò yo melanje ak pwoblèm nan lèspwi yo.

Ki pwoblèm nan kò a ki ka lakòz yon gason vin gen enpisans seksyèl?
Si fòm peni gason an pa kòrèk, si li kwochi, peni an ka kanpe, men li pa ka rantre andedan vajen fanm lan. Gendefwa, peni an tèlman kout, li piti, sa konn anpeche yon bon rapò seksyèl paske fanm lan pa rive satisfè. Lè fanm lan pa satisfè konsa, sa ka aji sou lèspwi gason an ki vin enpisan.

-Gendefwa, twou nan peni gason an, pa parèt nan tèt ou byen nan pwent li kote ki kale a. Lè ti twou peni an soti anwo do ou byen anba vant peni an, peni an ka kanpe, men lè gason an voye, dechay la konn tonbe deyò fanm lan...
-Si gason an soufwi maladi dyabèt, enpi si li pa pran bonjan trètman pou dyabèt

la, sa ka lakòz li gen enpisans seksyèl. Menm jan tou, si tèstikil, kivledi ti grenn gason an pa fonksyone kòrèk nan fabwike pwodi ki rele òmon, sa ka lakòz gason an vin enpisan.

-Lè yon gason bwè gwòg, twòp alkòl, lè li fimen, enpi gen anpil renmèd gason konn pran pou lòt maladi li ta soufwi sa ka lakòz li vin gen enpisans seksyèl. Lè yon gason itilize twò souvan renmèd pou li gen bann ou byen pou bann lan dire anpil tan, sa ka fè l vin enpisan.

-Gendefwa nan chèche pozisyon, ou byen lè rapò seksyèl yo konn fèt twò bwital, sa ka lakòz peni an kase tankou yon zo ki konn difisil pou repare. Konsa tou, gen ti pwoblèm andedan peni an, ki ka lakòz li fė gason an mal lė li kanpe. Tout sa ka lakòz gason an vin enpisan.

Pafwa, lè gason an fè operasyon anba ti vant, ou byen si li fè aksidan ak zo kase nan pati zo senti ak zo anba ti vant, gen plizyè pwoblèm nè ak venn ki souvan lakòz gason an vin enpisan. Lè gason an fè gwo enfeksyon, lè li fatige, lè l ap reflechi anpil, lè li gen anpil pwoblèm pou li rezoud, lè li pa gen eksperyans nan zafè fè lanmou, sa ka lakòz li vin gen enpisans seksyèl.

Kijan nou ka sispèk se nan kò a, nan peni an ou byen si se pwoblèm nan lèspri ki lakòz gason an vin enpisan?
Gen plizyè analiz travayè sante konn fè, ki pèmèt nou dekouvwi ki sa ki ka lakòz enpisans la. Men nou dwe konnen, si se yon pwoblèm nan kò a, ou byen yon pwoblèm venn ak nè nan peni an ki lakòz enpisans la, peni sa a p ap janm bay satisfaksyon si pwoblèm lan pa rezoud.

Men, si se pwoblbèm nan lèspwi ki lakòz enpisans la, byen souvan sitou lannwit pandan gason an ap dòmi, peni an kanpe, savledi peni an li menm pa gen pwoblèm.

Gen yon fason senp nou ka rive fè diferans ant pwoblèm nan lèspwi ak pwoblèm nan kò a ki lakòz enpisans seksyèl la. Nou pral fè yon tès ak tenb. Nou pran 2 tenb moun konn pòste lèt, nou pa dekole yo. Nan aswè, ou tache 2 tenb yo fè wonn peni an. Lannwit lè peni an kanpe, li gonfle, enpi tenb yo chire nan mak kote yo te kole a. Savledi gason an ki te gen enpisans seksyèl je klè, nan dòmi peni an vin kanpe. Nan ka sa a, se yon pwoblèm nan lèspwi gason an ki lakòz li enpisan,  peni an li menm, pa gen pwoblèm.

Ki pwoblèm nan lèspri ki ka lakòz yon gason gen enpisans seksyèl?
Gen gason ki kwè pisans li nan relasyon seksyèl se sa ki pèmèt li gen asirans se gason kòrèk li ye. Men, lė li gen enpisans seksyèl, sa bay gason an anpil pwoblèm nan lèspwi l. Enpi, lè nan yon premye relasyon, gason an enpisan, nan lòt relasyon li pral gen lapèrėz, li panse menm malè a ka rive ankò  Se menm laperèz sa a ki lakòz enpisans la pral kontinye.

Lè gason an pè pou li pa fè bèk atè konsa, li konsantre tout lèspwi l sou peni li sèlman l ap eseye bay kòmandman pou li kanpe, lè sa a peni an p ap obeyi, paske gason an ta dwe konsantre sou lòt pati nan kò l ou byen li ta dwe konsantre l sou lòt pati nan kò patnè a ki ka rive eksite peni an kanpe. Enpisans seksyèl la lakòz li vin pi enpisan pou toutan.

Nan ka enpisans seksyèl primè a, kivledi gason an enpisan denpi nan premye eksperyans seksyèl li, pi souvan rezon an soti nan edikasyon kont zafè sèks gason an resevwa nan fanmiy li pandan li te piti. Gen paran ki fè timoun yo kwè

zafè sèks se peche, se la wont, enpi si timoun lan komèt erè li pale de zafè sèks, paran l bay li pinisyon, si timoun lan gen nan men l liv, foto ki fè panse zafè sèks, paran l bay li chatiman tankou li koupab pou sa. Atitid sa a ka lakòz ti gason sa a vin gen pwoblèm enpisans lè l vin gran paske paran l te fè l kwè zafè sèks entèdi pou li.

Lòt kòz ki ka fè yon gason gen enpisans primè, se si premye relasyon seksyèl li te fèt nan vyolans, ou byen gen gason ki konn epwouve plis sansasyon pou gason parèy yo, kivledi masisi, lè sa a, gason sayo ka enpisan nan fanm.

Nan ka enpisans seksyèl segondè, kivledi gason an te konn fonksyone san pwoblèm enpi kè sote ou byen lapèrèz lakòz li vin enpisan, gen plizyè bagay ki ka rèsponsab. Pa egzanp, si gason an pa anvi fè lanmou, peni li p ap kanpe. Gen gason ak fanm ki kwè yon gason dwe toujou pare pou jwe match nenpòt ki lè. Gason an ka pa anvi akòz atitid patnè li pa egzanp.

Si gason an pa jwenn eksitasyon lakay fanm lan, savledi si fanm lan pa fè okenn mouvman, li pa patisipe nan aktivite yo, sa ka  lakòz gason an enpisan.

Gen kèk sitiyasyon ki ka anpeche gason an konsantre pou peni an kanpe, pa egzanp si li gen pwoblèm li pa gen kòb pou li rezoud difikilte fanmiy li, si li gen yon maladi ki fè l soufwi anpil, si li gen yon maladi li konnen ki pral mennen l anba tè, si li gen yon maladi ki fè l wont patnè li, si li fatige, si li santi li koupab paske l sot kouche ak yon lòt fanm, ou byen si li gen lòt fanm pou li bay satisfaksyon, si li plis konsantre pou bay fanm lan sèlman satisfaksyon, tout sikonstans sa yo kapab fè gason an vin enpisan.

Gendefwa, gason an konn ejakile anvan fanm lan. Lè fanm lan egzije gason an bay plis randman, fè plizyè ke, sa ka lakòz gason an vin enpisan. Pou peni an rantre nan ereksyon, kivledi pou li vin kanpe, sa konn mande anpil konsantrasyon lakay gason an.

Gen gason, lè li nan kontak ak fanm li renmen pou y ap koze, li renmen pou fanm lan ap rele, fè alsiyis. Gason konsa, si fanm lan pa pale, si li pa fè yon ti gouyad menm, sa ka fè gason an vin enpisan. Menm jan tou, gen gason ki pa renmen koze pandan relasyon seksyèl la pou li pa vin dekonsantre.

Gendefwa, pandan relasyon an, fanm lan konn fè ti kapris, kivledi li vle, li fè konmsi l pa vle, lè sa a gason an ap limen tenyen jis li vin enpisan. Anvan ou byen pandan relasyon ak fanm lan, gen move lodè, lè gason an santi yo, sa ka fè l vin enpisan. Lè madanm gason an komèt adiltè, kivledi li kouche ak yon lòt gason, si mari li okouran ou byen si li sispèk, sa ka fè li vin enpisan.

Pafwa, lè gason an sispèk fanm lan gen gwo enfeksyon ou byen yon lòt ti pwoblèm nan vajen, ou byen si fanm lan gen yon pwoblèm tankou blesi, move plè, bouton nan vajen, tou pwe vajen, sa ka fè gason an vin enpisan.

Si fanm lan gen yonn ou byen plizyè pati nan kò l ki pa atire gason an, sa ka fè li pa anvi fanm lan, si li pa anvi fanm lan, sa fè l vin enpisan. Si yon fanm ap fè wanga, kivledi pran bagay nan men bòkò, oungan,chalatan, pou gason an, sa ka fè gason an vin enpisan.

Enpisans seksyèl kapab lakòz mari ak madanm koupe fache, paske fè lanmou, rantre nan relasyon pou yon fanm ak yon gason, se yon zak enpòtan ki pèmèt yo pataje santiman yo genyen yonn pou lòt; savledi, enpisans seksyèl, se pa yon pwoblèm gason sèlman, se yon pwoblèm pou fanm tou. Se pou tèt sa, gason tankou fanm swete jwenn solisyon, anfas pwoblèm enpisans seksyèl la...

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti