Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Prevansyon Medikal: Dyare Pa Maladi

Dyare Pa Maladi
Bagay ki tiye timoun yo pi fasil, pi rapid, se dyare. Bagay ki fè w kwè se djab ki detri pitit ou, se dyare. Bagay nou dwe konbat ak tout fòs nou pou fanmiy yo pa gen dlo nan je, se dyare.

Kisa dyare vledi?
Dyare, se pa yon maladi. Dyare, se yon siy ki fė w konnen moun ki gen dyare a soufwi yon maladi. Se maladi a ki fè moun lan gen dyare. Nou ka di yon moun gen dyare, se lè li ap poupou dripoulè, plizyè fwa nan jounen ak lannwit. Men, poupou a dlo nèt ou byen li gen ti ma, ou byen li mou anpil.

Ki maladi ak ki lòt bagay ki ka fè moun gen dyare?
Maladi ki ka fè moun gen dyare, se maladi vè nan vant, se enfeksyon tifoyid, malarya, tibèkiloz, maladi trip bouche, maladi dyabèt, maladi nan ren, nan fwa, maladi kansè nan vant, ak lòt maladi ankò, tankou sida…

Lòt bagay ki ka fè moun gen dyare, se lè moun bwè dlo kri, ki pa debarase ak mikwòb, moun ka vin gen dyare, paske dlo kri gen anpil mikwòb ; gen moun, lè yo bwè lèt, lèt la konn bay yo dyare ; gen kèk remèd pou enfeksyon, kèk renmèd pou moun ki soufwi maladi anemi san, ki konn lakòz moun lan gen dyare ; gen kèk renmèd moun konn pran pou rezoud pwoblèm konstipasyon, kivledi pa ka poupou, enpi renmèd sayo konn bay latchouloulout. Gen kèk manje moun konn manje ki konn lakòz yo gen dyare. Bwè klèren konn bay dyare…

Kijan moun lan ye lè l gen dyare?
Moun ki gen dyare a ap poupou dlo ou byen mou tanzantan; pafwa poupou a gen glè ou byen san. Moun lan santi l fèb li dejarete, demanbwe, li pa sa kenbe kò l, zye l fon; si se ti bebe ki ponkò gen laj 18 mwa, li gen yon gran espas ki parèt nan mitan douvan tèt li, yo rele fontanėl ki defonse.

Moun ki gen dyare a pèdi souf, li konn anlè, kè l bat vit; dyare konn fè yon moun vin soufwi maladi ipotansyon kivledi maladi tansyon twò ba; moun lan vin piti, li pèdi nannan, po kò l vin plise, li konn pèd konesans ou byen li pa gen kont fòs pou pèmèt li pale, li konn pa ka fè okenn mouvman ak kò l.

Yon dyare ak gwo fòs kont pou touye ti moun tankou granmoun nan yon sèl jounen, paske lè w gen dyare, se dlo, se sòs kò a w pèdi. Lè w pèdi twòp dlo nan kò w, se konmsi w pèdi nanm ou...

Kisa nou ka fè lè moun gen dyare?
Nou pa dwe bliye dyare yon sèl jou ase pou touye nenpòt moun. Savledi, denpi moun gen dyare, se chèche chimen dispansè ou byen lopital pou travayè sante eseye trete maladi a ki ba w dyare a. Si moun ki gen dyare a endispoze, se pou nou mete l kouche atè sou do, enpi leve toulede pye l byen wo dekwa pou pye l soti pi wo pase tèt li. Pou moun ki gen dyare a, nou dwe prepare Sewòm Oral Lakay nou rele:  SOL.

Me kijan nou prepare SOL la: Nou byen lave enpi chode yon ti kaswòl, yon boutèy kola ak yon gwo kiyè. Nou bouyi yon bon dlo pwòp pandan plis pase 20 minit. Lè dlo a fwèt, nou mezire yon kola dlo , yon gwo kiyè sik blan ou byen sik wouj , enpi  nou mete yo nan ti kaswòl la ak yon ti grenn disèl gwosè yon grenn pwa, ak kèk ti gout ji sitwon.

Lè moun ki gen dyare a fin bwè yon kola Sol, prepare yon lòt pou li ankò suit an suit jis li reprann kò l. Enpi, si w te gen chans koute radyo atlantik, ou deja konnen ki kalite renmèd fèy ou ka ititize pou konbat dyare.

Ki pwekosyon moun ka pran kont dyare?
Meyè pwekosyon kont dyare, se pa bwè dlo kri, bwè dlo bouyi ; pa mete nan bouch ou byen nan vant nou bagay nou sispèk ki ka bay nou vant mennen.

Lave men nou anvan nou manje ; kouvwi manje yo pou bèt pa pote mikwòb enfeksyon. Enpi, pa bliye ti konsèy la : Pou maladi rekile, se wou ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.

 

 

Moso listwa Dayiti