Ansefalopati Esponjifòm Bovin (ESBA)
Ansefalopati Ēsponjifòm Bovin, yo rele tou Maladi Vach Fòl, yo rele tou maladi Creutzfeldt Jacob, se yon maladi atrapan k ap fè ravaj nan peyi blan ewopeyen yo. Maladi sa parèt lakòz yon mikwòb viris ki miltipliye nan sèvo ak nan mwèl epinyè malad la, enpi viris sa pral tabli kò l nan vyann ak nan zo kò malad la. Mikwòb sa atake moun tankou bèt. Zannimo yo ki pi souvan touche, se: bèf, mouton, kabrit, chwal, bourik… Si yon moun manje vyann bèt ki gen enfeksyon an, enben moun sa tou trape maladi a.
Lè se bèt tankou bèf, vach ki trape maladi a, vach la gen yon konpòtman tankou yon bèt ki fou, se pousa nan peyi blan franse kote maladi a ap fè anpil dega, yo rele maladi a Maladi Vach Fòl. Lè se moun maladi a atake, li pote yo sitou nan tèt. Moun sa yo vin deman kivledi entatad, yo konpòte tankou se moun fou, ki pa ka rezone nòmalman. Moun sa yo konn tonbe nan aksè kriz epilepsi kivledi Malkadi. Pafwa, vyann kò moun malad la ap tranble, fè gwo soukous. Pou maladi sa, poko gen trètman. Savledi, se sitou prekosyon moun dwe pran pou yo pa trape maladi mòtèl sa.
Moun ki trape maladi sa ka mouri nan yon delè yon lane. Prensipal prekosyon moun dwe pran, se pa manje vyann bèt ki kontamine, ki gen mikwòb la Nou gen enfòmasyon sou dega maladi a deja fè nan betay peyi blan lewòp yo. Enpi, nou konnen kòman peyi sa yo itlize zannimo yo nan plizyè etap alimantasyon moun. Peyi sa yo mete vyann nan bwat konsèv pou voye nan peyi pòv; yo fè poud ou byen farin ak vyann, poud ak zo vyann, yo fè preparasyon manje ak sèvo bèt yo. Tout pwodi sa yo kapab transmèt maladi a.
Nou mande pou leta ayisyen pran responsablite l nan pwoteje sante popilasyon peyi dayiti, lè l ap kontwole bwat manje konsèv k ap vann nan sipèmache, nan mache. Pafwa, manje konsèv sa yo ki fin pase kont mizè nan transpò nan batiman, dat yo pase, manje yo gate. Leta dwe kontwole manje sinistre, manje pèpè pwazon blan ap voye nan peyi a, pandan y ap fè n kwè se ede y ap ede nou. Lè maladi fin fè ravaj lakay yo konsa, lè move maladi fin pran nesans nan peyi letranje, talè w pra l tande yo di se ti peyi pòv ki lakòz epidemi, talè w pra l tande yo met chapo sal sou tèt ti peyi pòv.
- Pèp ayisyen, louvri je w, pou zòt pa kontinye pote plis lanmizè, plis maladi pou pitit nou.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi d Ayiti.
|