Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Planifikasyon familyal P.L.A.F

PLANIFIKASYON FAMILYAL (PLAF.)

KISA PLANIFIKASYON FAMILYAL VLEDI?
Se fason pou gason ak fanm fè pitit lè yo vle, si pa gen pwoblèm ki anpeche yo fè pitit. Se fason tou pou fanm ak gason pran prekosyon pou yo pa fè pitit.
Gen plizyè metòd planifikasyon familyal (PLAF). Men yon bon metòd PLAF ta dwe efikas, savledi l bay bonjan asirans; metòd PLAF la pa ta dwe bay okenn pwoblèm lè moun deside kite l; enpi, li t ap pi bon si toulede patnè yo (fanm ak gason) dakò metòd PLAF  la.
Gen metòd PLAF pou fanm tankou pou gason.

METÒD PLANIFIKASYON FAMILYAL (PLAF) POU FANM
Pami metòd PLAF pou fanm, gen: metòd nan vajen, metòd andedan matris fanm, metòd grenn pou bwè, metòd piki, metòd ligati..

1- Metòd PLAF nan vajen:
Pafwa, se yon krèm ou byen yon grenn fanm lan mete nan vajen l, pou pi plis 6 zèdtan anvan l koke ak mesye a. Pafwa, se yon ti eponj ou byen yon ti kawotchou ou byen kapòt espesyal pou fanm, fanm lan mete nan vajen l pou pi plis 6 zèdtan anvan rapò seksyèl la.

2- Metòd PLAF nan matris fanm yo rele tou metòd èsterilè
Se yon ti resò an fè ou byen an jelatin yo foure andedan matris fanm lan, pi lwen pase kote peni an kivledi kò gason an ka rive. Andedan matris la, se kote pitit ta dwe devlope lè ze manman an ak ze papa a kontre. Lè gen èsterillè nan matris la, ze yo pa janm ka rankontre, enpi pitit pa janm ka devlope.

3- Metòd PLAF grenn pou bwè
Se metòd sa ki pi efikas. Se yon ti bwat grenn, kote fanm lan bwè yon ti grenn chak jou, pandan 21 ou byen 28 jou. Apre sa, fanm lan sispan grenn lan jis règ la vini, pou l rekòmanse bwè yon lòt katon grenn ankò, san l pa sote jou jis posyon 21 grenn lan fini. Gen plizyè kalite grenn. Lè fanm lan bwè yon kalite grenn ki pa pote l byen, li gen dwa mande travayè sante chanje l jis li jwenn yon kalite grenn ki dakò ak li.

4-Metòd PLAF piki
Se yon piki travayè sante bay fanm lan chak mwa, ou byen chak 3 mwa, ou byen chak 6 mwa. Metòd sa a gen avantaj, men l gen tèt chaje tou.
Avantaj li gen, li pèmèt fanm lan pa nan bwè grenn chak jou, pètèt yon jou l te ka bliye bwè l. Lòt avantaj ankò, fanm lan gen ak metòd piki a, posiblite pou l dezanniye l pandan plis pase 3 ou byen 6 mwa san kè sote. Men, metòd sa a konn pote tèt chaje; pafwa, fanm lan konn pase plizyè mwa li pa fleri ou byen, gendefwa san an konn ap koule sou fanm lan pandan plizyè mwa toulejou. Metòd sa a konn bay fanm gwo vant fè mal; gen lè, fanm lan konn ansent  malgre piki PLAF la.

Metòd PLAF Nòplan
Gen metòd PLAF nòplan, kote travayè sante mete plizyè ti tib jelatin anba po kò nan bra fanm lan pou anpeche l fè pitit pandan 5 lane.

6- Metòd PLAF Ligati Twonp Falòp
Andedan vant fanm lan gen yon matris ki tankou yon ti kalbas vid ki gen yon ti tiyo ki tache chak bò ladan l. Yo rele ti tiyo sayo twonp Falòp. Tou pre matris la, chak bò anba ti vant la, gen yon lòt ti sak ki pi piti, tankou gwosè yon ti sitwon, ki se yon sak plen ze fanm. Yo rele ti sak ze sa yo ovè. Enpi yo rele ze fanm yo ovil.
Yo rele  ze gason yo èspèmatozoyid. Lè gason an lage ze pa l yo  nan matris fanm lan, se nan twonp yo ze sayo pase pou yo al rankontre ak ovil fanm lan, enpi se nan twonp yo ovil yo pase pou yo al rankontre ak èspèmatozoyid gason an.

Nan metòd ligati a, travayè sante a mare toulede twonp yo. Sa vin lakòz ovil ak èspèmatozoyid pa ka rankontre. Enpi pou pitit rive fèt, fòk toulede ze yo rankontre. Nan ka metòd ligati a, ovil pa janm rive nan matris la, kote pitit  devlope nòmalman.

Men, travayè sante pa dwe janm fè ligati pou fanm ki ponkò gen laj 35 lane, ki  ponkò fè omwen 3 pitit, men nan 3 pitit sa yo dwe gen  ti fi ak ti gason.

Metòd PLAF pou gason
Pou gason gen metòd rale peni sòti, metòd kapòt, metòd grenn pou bwè, metòd piki PLAF, ak metòd ligati.

1- Metòd rale peni soti
Pandan mesye a ap koke fanm lan, lè gason an santi li pral ejakile, li rale peni an soti pou l pa ejakile andedan vajen fanm lan.

2- Metòd kapòt
Se yon ti chapo plastik, tankou yon blad. Gason an foure peni an nan kapòt la anvan l kòmanse koke fanm lan.

3- Metòd grenn pou bwè ak piki PLAF pou gason
Se prèske menm jan tankou pou fanm lan, men se pa yon metòd efikas lakay gason. Anplis, metòd sayo pote anpil tèt chaje pou gason. Gason ki itilize metòd sayo konn gen vwa yo chanje, vin tankou vwa fanm; gason sayo konn pèdi bab ak pwèl nan kò yo; libido gason sayo konn diminye, savledi yo pa anvi koke menm jan ankò.

4- Metòd ligati kanal deferan lakay gason, yo rele tou vazèktomi
Gason an gen nan fouk li, yon sak ki gen andedan l, 2 grenn  plen ze. Yo rele sak la èskwotòm. Yo rele grenn yo tèstikil. Yo rele ze gason yo espèmatozoyid. Lè gason an ejakile, èspèmatozoyid yo pase nan yon ti kanal ki soti nan chak tèstikil pou yo al abouti nan peni an. Yo rele kanal sayo kanal deferan.
Ligati lakay gason, se lè travayè sante mare kanal deferan yo. Menm si gason an ejakile, ti dlo a, yo rele èspèm, pa gen èspèmatozoyid ladan l, savledi fanm lan p ap janm ka ansent, p ap janm ka fè pitit ak yon gason ki  fè vazèktomi, kivledi ligati ou byen mare kanal deferan yo.

5- Metòd RISOUG
RISOUG vledi inibisyon revèsib espèmatozoyid yo. Se yo pwodi chimik travayè sante enjekte andedan kanal deferan pou detri espèmatozoyid yo. Se yon metòd revèsib, kivledi yo kapab sispann li nenpòt lè, si travayè sante enjekte yon lòt pwodi andedan kanal deferan yo pou disoud, pou fonn RISOUG la. Se yon metòd lokal ki pa ta dwe gen twòp tèt chaje pou gason an. Men, kòm se yon pwodi di emèt chaj elektrik, nou kapab poze kesyon pou konnen si pwodi sa pa p rive chofe selil yo jouk pou l ta bay kansè tèstikil? Metòd RISOUG la pran nesans nan peyi lend nan lane 1980 yo. Li twò bonè pou n konnen veritab konsekans yon metòd konsa kapab genyen.
 
Pami tout metòd PLAF yo, metòd kapòt la prezante plis avantaj kont maladi moun ka trape nan koke, yo rele tou maladi moun ka trape nan sèks.
Maladi kapab rekile. Pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w, nan pataje konesans ou ak lòt. Lè w pouse maladi, se pwotèjman pou tèt ou,  pou fanmiy ou, ak pou tout kominote a.

 

 

 

Moso listwa Dayiti