Se yon plant nou ka itilize nan trètman anpil maladi. Men, apre dezyèm gè mondyal la, blan meriken te itilize tè peyi dayiti pou yo fè plantasyon pit, paske meriken te bezwen pit la pou fè kakas avyon. Tout ayisyen ou byen pifò moun nan depatman nò ak nòdès konnen kote plantasyon pit la tabli. Li kòmanse depi dibou pou rive jis nan nòdès peyi dayiti. Jis konnya pit la lakòz yon pakèt tè pa ka pwodi manje.
- Rasin pit la kapab fè moun transpire, sye anpil. Yo ka itilize l tou pou moun ki soufri maladi sifilis. Mete bouyi, yon moso rasin pit byen lave pandan 15 minit, nan yon lit dlo ; kite l frèt w pou bwè tout jounen an, l ap ede w transpire. Se yon bonjan renmèd kont maladi sifilis lè w itilize dite sa pandan 3 mwa.
Yon dekòksyon pit ak bwa leza ou byen bwa agoudi ap trè bon kont Blemoraji kivledi grenn chalè yo rele tou maladi ekoulman ou byen gonore. Moun ki soufri dizantri kwonik, kivledi kolorin, yo ka bouyi 2 a 3 moso pit nan yon demi lit dlo, kite l tranpe enpi koule l nan yon moso twal pwòp. Mete yon ti kiyè sik wouj ladan l, bwase l pou l tounen siwo. Bwè 3 ou byen 4 kiyè siwo sa 4 fwa pa jou nan yon dite fèy Mari dèyè lopital.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|