Gren n pistach la nitritiv anpil. Nitritiv vledi, li nouri moun.
Grenn pistach la dijèstiv kivledi li dijere fasil, li tonik tou. Tonik vledi li bay fòs enpi li remonte w, li èstimile aktivite òganik yo tou. Grenn pistach la rich ak matyè gra, lanmidon ak matyè azote. Pistach la se yon manje konplè.
Dekòksyon 7 moso ekòs pistach, kivle di po pistach la ak yon moso fèy papay ap fasilite dilatasyon matris la pandan akouchman.
Kont maladi dyabèt, pile grenn pistach, melanje l ak dlo bouyi frèt, koule l pou w pran ji a. Bwè yon tas twa fwa nan jounen an, anvan w manje.
Nou ka bay moun ji pistach la tou sikre kont maladi emowoyid. Emowoyid se maladi venn nan dèyè ki dilate.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|