Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Objektif ak chema oganizasyon SEFOM

OBJEKTIF AK CHEMA ÒGANIZASYON SEFÒM

OBJEKTIF SEFÒM:

1- Laji kad prevansyon primè nan mitan popilasyon an, selon prensip refleksyon-patisipasyon.

2- Montre nesesite pou fòmasyon nan domèn sante fèt an kreyòl, enpi gratis.

3- Pèmèt rafrechisman memwa pèmanan ak resiklaj travayè sante sefòm.

4- Kreye plis aktivite ak solidarite pami travayè sante sefòm.

5- Fè pwomosyon pou travayè sante ki fòme nan sefòm.

6- Konbat dezenfòmasyon ki kapab fèt sou travayè sante sefòm.

7- Louvri deba piblik sou zafè maladi ak mannyè swen sante ap bay nan peyi dayiti.

8- Kreye kondisyon pou gen plis lekòl fòmasyon medikal tout nivo, ak lekòl medsin tradisyonèl; anplis, pou gen plis dispansè ak lopital nan peyi a.

9- Kreye kondisyon pou sefòm, sefòmis yo patisipe nan tout gwo desizyon leta ki konsènen sante nan peyi dayiti ak nan peyi letranje.

CHEMA ÒGANIZASYON SEFÒM
Gran Asanble jeneral SEFÒM (Federasyon tout komite lokal Sefom yo, anplis omwen 10 patisipan pou chak lokalite kote Sefòm fèt ak Asanble tout fòmatè  Sefòm) > Kòdinasyon Sefòm (Asanble tout fòmatè Sefòm)> Komite egzekitif 11 kòdonatè Sefòm (KEKÒF-SEFÒM) (gade wòl yo nan estati a)> Komisyon fòmatè Sefòm > Federasyon Komite lokal Sefòm (Asanble tout komite lokal yo kote Sefòm fèt) > Komite egzekitif Federasyon komite lokal Sefòm ki gen ant 7 ak 11 manb > Komite lokal Sefòm > Patisipan Sefòm ak popilasyon an.

ANN KONTE SOU PWÒP FÒS NOU
Komite egzekitif Sefòm gen yon kanè epay nan KEPÒL (KÈS POPILÈ LESPWA) kote l resevwa nan dispansè a, chak semèn 750 goud apati dat 12 jiyè 2003. Kanè a gen foto 3 kòdonatè ki otorize fè tranzaksyon onon kòdinasyon an. Se kòdonatè jeneral la ki responsab kanè a.

Dispansè a patisipe anplis nan tout aktivite pou plante enfraestrikti KEKÒF
Chak fòmatè Sefòm bay nan kòdinasyon an yon kotizasyon obligatwa 50 goud chak mwa. Menm si fòmatè a pa nan peyi dayiti, li dwe voye kotizasyon solidarite a chak mwa, ou byen yon ti di plis.

PRIVILÈJ FÒMATÈ SEFÒM
1- Fòmasyon medikal ak resiklaj gratis
2- Swen ak sèvis sante gratis pou chak fòmatè, manman l, papa l, konjwen l ak tout pitit li
3- Benefis moral tout estrikti sefòm lan
4- Priyorite pou fè prestasyon ak pratik medikal nan tout sant swen sefòm
5- Reprezantan dirèk sefòm ak tout aktivite medikal sefòm, sou tout teritwa peyi dayiti ak nan peyi letranje
6- Fè fòmasyon onon sefòm
7- Chak fòmatè gen dwa dirije tout estrikti sefòm lan apati entegrasyon l nan komite ekzekitif kòdinasyon sefòm lan.

PWOPOZISYON POU ITILIZASYON LAJAN KI NAN MEN KÒDINASYON AN
1- Depans pou deplasman fòmatè k ap fè fòmasyon
2- Depans pou deplasman delegasyon fòmatè ki nan travay sefòm atravè peyi a ak nan peyi letranje
3- Solidarite ak fòmatè ki gen gwo difikilte yo pa t prevwa, ou byen ki swete kreye ti antrepriz
4- Envestisman nan aktivite pou rantre plis mwayen ekonomik
5- Finanse aktivite sosyal tankou lekòl, sant swen, sou direksyon fòmatè sefòm.
6- Gratifikasyon pou chak fòmatè ki fè fòmasyon (nan finisman seri fòmasyon an)
7- Gratifikasyon espesyal pou fòmatè ki fòme plis patisipan nan seri fòmasyon an
8- Depans pou resiklaj fòmatè sefòm
9- Depans pou seremoni renmèt sètifika sefòm
10- Depans pou patisipasyon delegasyon sefòmis nan lantèman ou byen lòt evènman, lòt aktivite ki konsènen sefòmis ak paran sefòmis.
11- Depans pou fè liv fòmatè sefòm, ak lòt materyèl pou fè fòmasyon

KOTIZASYON NAN KOMITE LOKAL SEFÒM YO
Patisipan yo dwe kotize nan komite lokal sefòm yo chak semèn piti jan l ye.
Kotizasyon sa yo kapab sèvi pou:

- Ede transpò patisipan k ap soti lwen pou vini pran fòmasyon pratik Sefòm dezyèm etap
- Deplasman delege komite lokal la pou tabli kontak ak kòdinasyon sefòm
- Preparasyon seremoni renmèt sètifika patisipasyon sefòm
- Solidarite ak patisipan ki gen gwo difikilte

 

 

 

Moso listwa Dayiti