MALADI NEMONI ATIPIK
KI SA MALADI NEMONI ATIPIK LA YE?
Maladi sa a pote plizyè lòt non, tankou: Nemopati atipik, nemoni atipik, Sendwòm Respiratwa egi Sevè, S.A.R.S. nan peyi ki pale franse, S.R.A.S. nan peyi ki pale angle.
Men kèlkeswa non maladi a pote, se yon maladi atrapan moun transmèt moun. Sanble mikwòb ki lakòz moun soufri maladi nemoni atipik la, se yon viris, yon kowonaviris, yo konn jwenn nan kèk bèt volay, ak nan yon mamifè ki sanble ak chat, yo rele sivèt, yo jwenn nan kontinan lazi.
Maladi nemoni atipik, se yon grav pwoblèm sante piblik...
KIJAN MOUN KA TRAPE MALADI NEMONI ATIPIK?
Lè se moun k ap trape maladi a nan lòt moun, se apati ti gout saliv, ti gout krache moun malad la voye deyò, lè l ap touse, ou byen si moun manje vyann bèt yo rele sivèt.
Mikwòb la pa gen zèl pou l vòltije. Men, bèt volay ki genyen mikwòb la kapab transmèt maladi a.
Kòm se konnyè a travayè sante remake maladi a t ap fè ravaj nan plizyè peyi, rechèch kontinye ap fèt pou konnen si gen lòt fason moun ka trape maladi a.
NAN KI PEYI YO PI SOUVAN RANKONTRE MALADI NEMONI ATIPIK LA?
Malgre yo jwenn moun ki soufri, enpi viktim maladi nemoni atipik la nan peyi kanada, nan peyi lafrans, nan peyi etazini, nan peyi ostrali ak kèk lòt peyi ankò, se sitou nan kontinan lazi yo te jwenn plis moun ki viktim maladi a. Peyi lazi ki te plis touche ak maladi nemoni atipik la, se peyi lachin ak yon pwovens peyi lachin yo rele taywann; yo te jwenn maladi a tou nan peyi sengapou, endonezi, filipin, malezi, japon, vyètnam ak lòt ankò.
Men, sanble nan plizyè peyi sa yo, maladi a rive disparèt gras entèvansyon responsab zafè lasante nan peyi sila yo.
KI SIY AK KI SENTOM KI KA PÈMÈT NOU SISPÈK YON MOUN OU BYEN YON GWOUP MOUN SOUFRI MALADI NEMONI ATIPIK?
Lè mikwòb maladi nemoni atipik la rantre sou moun, se pi souvan nan poumon moun lan l al kale pitit. Maladi a prezante tankou lè moun soufri maladi nan poumon.
Malad la ap touse san rete, yon tous sèk ki pa bay anpil larim, men l bay flim ak tras san. Malad la anlè, li santi etoufman paske l pa jwenn kont lè pou l respire. Li ka menm rive mouri asfiksye. Malad ki soufri nemoni atipik la gen gwo lafyèv ki monte plis pase 38 degre santigrad, enpi fyèv sa refize desann menm si malad la pran renmèd travayè sante abitye bay lòt malad kont tout kalite mikwòb. Malad la transpire, kivledi l sye anpil. Moun ki soufri maladi nemoni atipik santi doulè nan atikilasyon, kivledi jwenti zo yo, li santi doulè nan tout kò, nan misk yo.
Maladi nemoni atipik, se yon maladi atrapan, savledi, si yon moun soufri maladi a nan yon kay, lè l touse, li kapab transmèt mikwòb maladi a bay tout moun nan kay la, li kapab transmèt maladi a bay tout moun nan katye a. Lè yon maladi gaye konsa nan yon katye, ou byen nan plizyè katye, nan plizyè rejyon menm peyi a, ou byen nan plizyè peyi, yo rele sa epidemi.
Malgre travayè sante ap fè jefò pou anpeche maladi nemoni atipik la kontinye fè ravaj atravè lemond, maladi a gentan touye plizyè moun.
Lè mikwòb maladi a rantre sou moun, li pase kèk jou l ap kale pitit andedan kò a anvan l prezante siy ak sentom ki ka fè n sispèk moun lan soufri maladi nemoni atipik. Lè maladi a gentan deklare konsa, sou chak 100 moun ki soufri maladi a, gen pou pi piti 10 nan yo maladi a ap touye, menm si yo pran renmèd. Savledi, maladi nemoni atipik, se yon maladi grav ki merite nou pran prekosyon pou l pa rantre sou nou.
KI PREKOSYON, KI TRÈTMAN NOU KA PRAN KONT MALADI NEMONI ATIPIK?
Denpi w sispèk moun lan prezante siy ak sentom maladi nemoni atipik, mennen l ou byen bay li konsèy pou l ale lopital, enpi tout moun nan kay la dwe ale konsilte.
Lè moun ap touse, li dwe mete men l devan bouch li, enpi li dwe lave men l ak savon, apre pou l byen rense men l, anvan l ta gen dwa bay moun lanmen, ou byen kenbe ti bebe, ou byen anvan l manyen lòt bagay.
Leta ayisyen, responsab ministè sante piblik dwe pran tout dispozisyon pou kontwole enpi mete nan karantèn tout vizitè etranje ak konpatriyòt ayisyen ki soti nan peyi kote maladi a ap fè ravaj. Moun ki dwe fè kontwòl sa yo, se travayè sante ayisyen ki kalifye, ki gen konsyans pwofesyonèl, ki konn akeyi moun nan tout ayewopò, nan tout kote moun kapab debake arebò lanmè, arebò larivyè, nan tout fwontyè ak repiblik dominiken. Pa manje vyann sispèk.
Pou kounyè a, ponkò genyen okenn ka maladi nemoni atipik deklare nan peyi dayiti. Nou di pinga ! Si otorite ayisyen yo fè neglijans, maladi nemoni atipik pral bay lanmen ak maladi lanmizè pou toufe pèp ayisyen.
Nan lopital, travayè sante dwe mete gan ak mask espesyal pou yo swaye moun ki soufri maladi nemoni atipik, enpi, kabann malad sa yo pa kapab rete nan sal ki gen plizyè lòt malad. Savledi, nou dwe izole malad ki soufri maladi a nan yon chanm ak tout zafè l pou l sèvi apa.
Travayè sante ap fè jefò pou yo fabrike vaksen pou pwoteje moun kont maladi a, annatandan yo jwenn bonjan trètman efikas, bonjan renmèd ki kapab touye mikwòb maladi nemoni atipik la.
Pou kounyè a, lè moun ki soufri maladi a ale lopital, travayè sante yo bay malad la oksijèn ak aparèy pou anpeche etoufman an toufe malad la. Anplis lòt renmèd kont doulè ak fyèv la, travayè sante yo pran tout dispozisyon pou ranplase anpil dlo malad la pèdi akòz lafyèv la ak transpirasyon.
Maladi nemoni atipik, se yon maladi atrapan. Nou tout kapab trape l, si n pa pran prekosyon.
Nou kapab anpeche maladi rantre sou nou. Pou n anpeche maladi rantre sou nou, nou dwe pataje konesans nou ranmase nan SEFÒM.
Lè w pataje konesans ou, se pwotejman pou wou menm, pou fanmiy ou, pou peyi dayiti, ak pou tout peyi sou latè.
|