Nannan grenn monben an astrenjan. Yon plant astrenjan, se yon plant ou ka itlilize pou geri plè ak blesi, enpi se yon plant ou ka itilize pou w rete dyare.
Yo itilize donn monben an pou fè konfiti pou prepare jele. Lè yo distiye donn grenn monben an, li bay yon alkòl ki gen anpil valè. Dekòksyon fèy monben, ekòs pye monben an ak ekòs rasin monbon an bon pou konbat dyare ak dizantri, lè w pran l tankou tizann.
Moun ki soufri maladi nan gòj tankou anjin, ap itilize tizann lan tou pou l gagarize. Si yon moun soufri maladi nan zye, l ap mouye yon ti twal byen pwòp nan dekòksyon sa pou mete sou zye yo. Si w soufri gonokòksi, kivledi maladi gonore, sèvi ak dite fèy, ekòs bwa ak ekòs rasin monben an pou w fè twalèt vajen w, twalèt peni an. Si w gen plè ak absè, fè yon dekòksyon ak fèy monben plis kèk boujon pou w lave plè ak ilsè, k ap seche byen fasil.
- Fèy monben fwote, astrenjan, ki vledi si w fwote yo, mete yo sou yon plè, l ap geri byen rapid.
- Fanm k ap akouche, ka bouyi fèy monben pou l fè twalèt vajen li ak dite sa tyèd, l ap kalme doulè a.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|