Melon pa twò nitritif, malgre li rich ak vitamin A, vitamin C, ak seliloz.
- Men melon rafrechisan anpil .Melon diyiretik tou. Diyiretik, se bagay nan melon an, lè w pran l, li fè w pipi anpil, paske l aji sou ren yo.
- Melon, se yon plant laksatif, savledi lè w manje l, li lache lèstomak la, li ka ba w dyare. Melon, se yon renmèd kont pwoblèm bil.
- Moun ki soufwi maladi twòp sik nan san, kivledi dyabèt, pa dwe manje melon.
- Melon pa bon pou moun ki soufri dispèpsi. Dispèpsi, se sentòm kote dijesyon moun lan pa ka fèt kòmsadwa, enpi moun ki soufri defisyans dijestiv, savledi lèstomak la febli, li manke fòs pou fè travay dijere manje a.
- Si w fè ti brile nan dife, ou byen nan dlo cho, pran nannan yon melon pou w mete sou li, w ap jwenn soulajman.
- Pou w toujou rete fre, bèl, pou w rete jèn, bwè ji melon ou byen w ka lave vizaj ou, kou w ak pwatrin ou ak ji melon an.
- Moun ki gen po sèch, kapab fè yon melanj ak dlo distiye, lèt bèf kri, ak ji melon pou l lave viizaj li chak aswè.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|