Yo konn rele l tou gwo mèstinyen. Grenn mèstinye beni an gen koulè nwa klere. Andedan grenn lan, gen yon nannan ki kouvri ak yon po blanch, se po blanch sa ki matyè aktiv gwo medisinye an. Grenn medisinye an pigativ anpil, se pou sa nou pa dwe bwè l twòp lè n ap fè renmèd, pou l pa bay nou dyare.
- Lè w pase lwil maskriti sou fèy medisinye beni an, enpi w chofe l sou flanm dife pou mete sou pati nan kò a ki anfle, ou byen sou klou, absè, l ap fonn yo, enpi l ap pete yo byen vit, l ap dezanfle pati anfle yo.
- Lè w fè yon dekòksyon ak 3 fèy medisinye beni vèt pou chak lit dlo, w ap gen yon bon antisèptik pou w lave plè ak blesi enfèkte. Antisèptik, se yon pwodi pou touye mikwòb.
- Si w gen tous ak grip, pran 3 fèy medisinye mi ki tonbe atè, lave yo, mete yo enfize nan yon lit dlo. Bwè enfizyon sa kont tous ak grip.
- Kont konstipasyon lakay granmoun ak ti bebe, pran yon fèy medisinye beni mi ki tonbe atè, lave fèy la, pran petyòl fèy la, pase luil doliv ou byen luil maskriti sou li. Petyòl fèy la vle di pwent ou byen lake fèy la. Foure fèy badijonnnen ak luil la nan twou dèyè timoun lan tankou sipozitwa pandan kèk minit sèlman. Renmèd sa gen aksyon rapid sou trip la, sa k ap pèmèt timoun lan poupou rapid.
- Kont maladi nan kè, Fè yon enfisyon ak 3 fèy medidinye beni vèt nan yon demi lit dlo pou w bwè, w ap jwenn soulajman. Bwè enfizyon fèy medisinye beni an sikre kont maladi nan kè.
- Si w soufwi egzema, si w gen lafyèv, fè yon enfizyon ak 3 fèy medisinye beni mi pou yon tas dlo. Sikre enfizyon an pou w bwè, w ap jwenn soulajman. Bwè nan enfizyon sa 3 tas pou jounen an.
- Kont maladi gal, fè yon enfizyon ak fèy medisinye beni. Bwè enfizyon an ak disèl 2 ou byen 3 fwa nan yon jounen. Fè sa pandan 2 ou byen 3 jou, apresa, bwè yon mestin kont maladi gal. Maladi gal, se enfèstasyon nan po kò a, ki lakòz tach ak bouton sou po kò w. Se yon maladi atrapan.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|