Nan medsin popilè yo itilize bab mayi a lakòz li gen yon pwopriyete diyiretik. Pwopriyete diyiretik vledi, bagay nan bab mayi a ki aji sou ren yo pou fè w pipi anpil si w te soufwi maladi retansyon irinè, kivledi pa ka pipi. Bab mayi a long. Bab mayi a ,se ti plim swa ki andedan mayi a ak bwa mayi ak grenn yo.Se lèt mayi a ki pwodi bab mayi a.
- Preparasyon tizann diyiretik ak bab mayi-a: Mete 30 gram bab mayi nan yon lit dlo ki fenk fin bouyi. Adousi tizann lan ak laktoz pou w bwè nan jounnen-an. Tizann sa, se yon renmèd diyiretik pisan w ka itilize kont enfeksyon vwa irinè yo, kivledi kont maladi ki lakòz ou pa ka pipi byen.
- Pou diminye kantite albimin nan pipi-a, fè yon tizann ak 10 ou byen 20 gram bab mayi nan yon lit dlo ki fenk fin bouyi. Kite l enfize pandan 5 minit ; bwè tizann sa tout jounen-an.
- Si w soufwi maladi nan kè, mete 2 flè mal mayi tranpe nan yon lit dlo ki fenk fin bouyi, kite l frèt pou w bwè tout jounen-an.
- Kont dyare pèsistan, griye kèk grenn mayi, mete yo nan yon gwo veso; vide enpe dlo bouyi frèt sou grenn mayi yo, kite l tranpe pandan plizyè èdtan. Bwè maserasyon sa tout jounen-an.
- Si w gen iritasyon lèstomak ou byen vant fèmal, manje farin mayi tout jan : labouyi, krèm... Farin mayi a èstimilan. Èstimilan, se bagay lè w pran li, li pèmèt yon òga n ou byen tout kò a byen fonksyone, pandan yon tan detèmine. Farin mayi a, se yon analèptik, ki bon anpil kont deranjman, gonfliman. Analeptik vledi : rekonstitiyan ou byen fòtifyan.
- Si w fè antòs, fouli ak kontizyon, bouyi farin mayi ak fèy gwayav fwote, mete enpe disèl lè l kuit, mete melanj la sou kote ki malad la tankou konpwès, mare li ak yon twal pwòp. Doulè a ap kalme rapid.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|