Mang rich ak vitamin ak eleman mineral. Yo souvan manje yo mi tankou desè. Men tou, yo fè ji mang, yo fè salad ak mang, konfiti ak nèkta.
- Enfizyon fèy ak flè mang pektoral :Sa vle di, se renmèd kont maladi nan pwatrin lan tankou tous ak grip. Enfizyon sa sidorifik, ki vledi li fè w sye lè w bwè l.
- Enfizyon fèy ak flè mang anti eskòbitik. Sa vledi se renmèd kont mank vitamin C.
- Kont maladi anjin : Kivledi maladi gòj anfle, ak maladi las yo, malad la dwe pwan yon enfizyon flè ak fèy mang, pou l jwenn gerizon.
- Dekòksyon fèy mang : yo antirimatismal, kivledi dite fèy mang kalme doulè rimatis.
- Kont maladi la gout, malad la ap pran yon dite fèy mang k ap soulaje doulè atikilasyon yo. Maladi lagout, se maladi kote moun lan gen gwo doulè ak lezyon nan atikilasyon yo, doulè sa souvan kòmanse nan gwo zòtèy la pou rive nan tout atikilasyon kò a.
- Gen moun ki soufri maladi rimatis, ki konn menm mare ti mang vèt sou yo, yon fason pou anpeche doulè a eklate.
- Kont maladi emowoyid : pran yon grenn mang, retire po di a pou w pran nwayo a, mete l bouyi pou moun ki soufri emowoyid la bwè. Emowoyid se kote plizyè venn nan twou dèyè a dilate, enpi malad la ap bay san nan twou dèyè a ki konn tounen lanvè.
- Dekòksyon nannan grenn mang lan, se yon gwo vèmifij kivledi yon renmèd kont maladi vè nan vant.
- Kont dyare, fè yon dekòksyon ak nwayo grenn mang lan pou bay moun lan bwè.
- Kont dizantri : kivledi gwo dyare ak vant fè mal, fè yon dite ak ekòs mang la pou malad la k ap jwenn soulajman.
- Kont lekore kivledi pèt blanch . Fè yon dekòksyon ak ekòs mang la pou bay malad la bwè.
- Kont blenoraji ou byen maladi ekoulman, ou byen grenn chalè yo konn rele gonore tou , malad la ap fè yon dekòksyon ak ekòs mang la pou l bwè.
- Kont doulè rimatis : malad la ap pran yon dekòksyon ekòs mang. Dekòksyon vle di dite.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|