Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy: Malomen

Yo itilize enfizyon pye malomen pou konbat retansyon irinè, ki vledi maladi pa ka pipi.

- Kont maladi las espasmodik ak maladi bwonchit: mete yon ponyen fèy malomen byen lave, bouyi nan yon lit dlo, kite l bouyi pou l redui fè yon tyè. Bwè 4 vè nan dekòksyon sa nan jounen an.

- Kont maladi lityaz renal, kivledi wòch nan ren: lave 2 ponyen fèy malomen, mete yo nan yon veso pwòp, vide yon lit dlo ki fenk fin bouyi sou fèy yo; bwè tizann sa tout jounen.

- Kont doulè dan ak jansiv: fè yon dite ak pye malomen an pou w tranpe bouch ou.

- Latèks pye malomen an, se yon antiseptik, ki vledi li dezenfekte, touye mikwòb. Latèks la sikatrizan, ki vledi li geri plè ak blesi, lè w mete latèks malomen sou plè ak blese a.

- Nan peyi lafrik, yo konn pile malomen, enpi yo melanje l ak luil palmis pou prepare yon bon renmèd kont la fyèv. Ou ka itilize melanj sa tou, lè w gen dismenore, kivledi doulè vant lè règ la, enpi w ap jwenn bon rezilta.


Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 

 

 

 

 

 




 
Moso listwa Dayiti