Malarya, se yonn nan maladi nou pi souvan rankontre nan peyi dayiti. Lakòz ma dlo toupatou, marengwen yo charye mikwòb maladi malarya a pote nan tout kay, sou ti moun tankou sou granmoun. Se yon maladi kote mikwòb la pase nan san pou li atake plizyè pati nan kò a tankou fwa, trip, tèt…
Kijan moun ka trape mikwòb maladi malarya?
Gen marengwen èspesyal, yo rele Anofèl, ki renmen bwè san moun. Lè marengwen an bwè san, si moun lan te soufwi malarya, marengwen an bwè san an ak tout mikwòb malarya a. Men, mikwòb la kole nan gòj marengwen an,li pa desann nan trip li. Se konsa, lè marengwen an pral bwè san lòt moun ki ponkò soufwi maladi a, marengwen an krache mikwòb la nan san moun lan anvan li bwè san. Enpi, moun lan tou trape maladi a. Se sèl marengwen ki bwè san moun ki soufwi maladi malarya deja, ki ka transmèt mikwòb la. Lòt fason moun ka trape mikwòb malarya a ankò, se si moun ki ponkò soufwi maladi a pike ak yon sereng ki te gen san yon lòt moun ki soufwi maladi malarya .
Ki siy ak ki sentòm ki ka pèmèt nou sispèk yon moun soufri maladi malarya?
Lè mikwòb maladi malarya a rantre sou yon moun, mikwòb la pase plis pase 12 jou l ap kale pitit andedan tout kò a, anvan nou remake siy, anvan moun lan kòmanse santi sentòm maladi a. Lè moun soufwi maladi malarya, li konn gen dyare, vomisman, li konn frisonnen, transpire anpil. Lè moun soufwi maladi malarya, li santi kò l dou, ou byen tout kò l fè l mal, tèt fè mal, moun lan santi lafyèv cho-frèt, li gen kò sezi, li santi bouch anmè, bouch pa dou, malèz…
Ki prekosyon moun ka pran kont maladi malarya?
Moun ki deja soufri maladi a, dwe chèche trètman nan lopital, nan dispansè. Gen bonjan renmèd fèy kont maladi malarya. Enpi, nou dwe konbat ma dlo, dlo chita, toupatou, paske se nan yo moustik, marengwen fè nich. Gen pwodi ki konn tiye marengwen ,yo rele pwodi sayo ensèktisid, moun konn itilize pou pase sou po kò yo,pou flite kay, jaden, pou jete nan ma dlo…Moun ki gen metye travay nan dlo poze, dwe mete bòt, gan ak rad èspesyal kont piki marengwen. Pran prekosyon pou nou pa pike ak egiy sereng ki te gen san ladan l, ni pa pèmèt blesi ou byen plè nou ta genyen vin sal ak san lòt moun. Nou dwe itilize moustikè pou ti moun tankou gramoun lè n kouche.
Nou dwe konbat maladi malarya. Lè malarya rekile, se pwoteksyon pou nou menm, pou fanmiy nou ak pou tout kominote a.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|