Se yon maladi sou fòm kriz ki paralize yon bò ou byen yon pati nan kò moun lan lè l antre sou li. Maladi apoplèksi, yo rele tou maladi aksidan vaskilè serebral, ka paralize yon n ou byen plizyè òga n nan kò a. Lè kriz apoplèksi a rantre sou moun lan, li pèdi konesans. Malad la pa ka fè oken n mouvman.
Aprè kriz la fin pase, li paralize yon pati nan kò malad la. Maladi a ka paralize tout kò malad la. Maladi apoplèksi a kapab deklare lakay moun ki soufri maladi ipètansyon ateryèl, kivledi tansyon twò wo. Sa ka lakòz kèk aksidan vaskilè tankou emoraji nan sèvo, ki vle di pèt san nan sèvo a.
Lè sa, malad la ka antre nan koma, ki vle di malad la pèdi konesans, tankou li mouri. Moun dwe toujou pran prekosyon kont maladi tankou apoplèksi. Pou fè prevansyon kont kriz APOPLEKSI a, ou byen nan trètman kriz la menm, moun ka itilize plant medisinal sa yo: KAWÒt, ZEPINA, PÈSI, SELERI, NAVÈT, KRESON.
Demi vè ji kawòt
Yon ka vè ji zepina
Yon ka vè dlo sikre ak siwo myèl , melanje yo ansanm pou w bwè maten anvan w manje.
Demi vè ji kawòt
Demi vè ji pèsi, ou byen seleri ou byen zepina. Melanje yo pou w bwè.
Ou byen prepare yon renmèd konsa:
Demi vè ji kawòt
Demi vè ji zepina
Moun lan ap bwè l maten anvan l manje.
Ou byen: demi vè ji navèt , demi vè ji kreson, melanje yo, bwè l maten anvan w manje. Si w fè atak apoplèksi, mete 10 gout esans terebantin nan demi vè dlo pou w bwè plizyè fwa nan jounen an.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|