AFT, se yon seri maleng ki gen koulè jòn ou byen gri, enpi, tout arebò blese a wouj vif. Blesi, maleng yo fè malad la mal anpil. Nou jwen n maladi aft la sitou nan bouch ak nan vajen fanm yo. Maladi aft la, se siy kèk pwoblèm nan sistèm defans kò moun lan lakòz mal manje ou byen yon pwoblèm vitamin.
Lè moun soufri maladi aft, li dwe mete renmèd sou pati malad la pou-l geri. Men tou, moun sa dwe pran renmèd pou èstimile defans kò li.
Li dwe pran vitamin C.
Pou nou konbat, enpi anpeche moun soufri maladi aft la nan bouch, moun dwe bwose dan yo ak pat dantifris chak fwa nou fin manje. Men, lè nou soufri maladi aft la, nou ka itilize plant medisinal sa yo pou konbat li : sitwon, krètakòk, gonbo, mari dèyè lopital, gran franbwayan, digo, pèsi, pòm kajou, sapotiy, tomat.
SITWON: pire ji a, melanje l ak siwo myèl pou mete sou aft la.
KRÈTAKÒK: lave fèy krètakòk yo, bouyi dlo vide sou yo, pou malad la tranpe bouch li.
GONBON: bouyi gonbo yo, lè l tyèd, mete bikabonat soud nan dlo a, pou moun ki soufri maladi aft la tranpe bouch li ak dlo a, l ap jwenn bonjan rezilta.
GRAN FRANBWAYAN: lave fèy yo , mete yo bouyi pou malad la lave bouch li kont maladi aft la, jis li refè.
DIGO: lave fèy digo vèt yo, pile yo pou pran ji li, melanje ji a ak siwo myèl pou w lave bouch la kont maladi aft la.
MARI DÈYÈ LOPITAL: Mete 25 ou byen 30 gram fèy bouyi nan demi lit dlo. Se ak dlo dite sa, pou malad la lave bouch li kont maladi AFT la.
TI MEDISINYEN: Lave fèy yo pwòp, pile yo pou w lave bouch moun ki soufri maladi aft la.
PÈSI: Lave yon pye pèsi ak tout rasin, pile l pou w pran ji a, pou malad la lave bouch li ak likid la.
PÒM KAJOU: Bouyi ekòs pòm kajou a nan dlo, pou malad la lave bouch li ak dite a kont maladi aft la, jouk li refè.
SAPOTIY: Kraze 2 ou byen 3 sapotiy vèt, melanje l ak siwo myèl, mete yon ti priz bikabonat soud ladan l, byen melanje yo pou w mete sou aft la.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|