Lay genyen yon esans luil ki gen soufr ladan l, yo rele alisin ki gen pwopriyete bakteryostatik, kivledi, menm si l pa touye bakteri, mikwòb la, men l anpeche l devlope.
An reyalite, gous lay fre a tou antye, li pa gen okenn odè. Moun gen posiblite byen santi odè lay la, lè w koupe l ou byen kraze l. Se gras ak prezans yon luil esansyèl volatile, ki rele silfi alil, ki pèmèt lay la degaje odè l genyen an. Lay la gen posiblite irite po kò-a, mikez lestomak la ak mikez entestinal la. Lay kapab touye bakteri nan entesten an, sitou bakteri yo ki kapab lakòz moun malad, men lay la kapab pèmèt devlòpman lòt kalite bakteri ki fè pati flò mikwobyèn nòmal entesten an ki yo menm pa fè moun malad.
Lay antidyareyik, lay ogmante sekresyon sik gastrik nan lèstomak la. Lay gen aksyon Prevantiv kont maladi kansè. Nan peyi lachin, ka maladi kansè yo diminye lakòz chinwa yo manje anpil lay chak jou. Nou konseye w pou w mete lay nan manje moun ki soufri maladi kansè ak nan manje fanmiy moun sa yo.
- Esans lay la ogmante sekresyon vwa respiratwa yo. Pwopriyete sa pèmèt moun kapab itilize lay la nan trètman enfeksyon poumon ak moun ki soufri opresyon. Lay ka ede moun ki bwè pwazon. Lay kapab ede moun ki gen konstipasyon. Yo itilize lay tankou nan ka Maladi atrapan sou fòm maserasyon nan alkòl. Itilize 30 gout 2 fwa nan jounen-an. Lay gen yon aksyon vèmifij kivledi kont vè nan trip. Rache 2 gous lay melanje li ak kèk branch pèsi, mete yon ti luil doliv. Mete melanj lan nan yon moso pen griye pou moun ki gen vè a manje.
- Pou ti moun: Prepare yon siwo vèmifij konsa: 100 gram lay, 2 gram dlo ak 100 gram sik. Mete l bouyi nan ti dife pou l tounen siwo. Yo itilize lay tankou Lavman ou byen sipozitwa pou touye vè nan trip la. Yo itilize lay kont kò nan pye,kont diriyon ak veri. Kuit yon grenn lay nan sann dife pou mete sou kò nan pye a, pou kalme doulè a. Lay se yon prevansyon kont maladi ipètansyon ateryèl, maladi ateryosklewoz, kivledi maladi nan atè yo, ak maladi nan sikilasyon san.
- Lè moun soufri atrit ak rimatism atikilè, w ap kraze plizyè gous lay mete sou po kò moun lan. Apre kèk èdtan, gen yon pòch dlo kap fòme kote nou te mete lay la, pòch dlo sa ap pete. Retire konprès lay la pou pase yon pat ajil sou kote ki pete pou doulè-a sispann. Nou ka melanje lay pile a ak luil kanfre, enpi pase l sou kote ou santi doulè a k ap kalme.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|