Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy: Lalwa

Tout pati nan plant la gen yon likid  glise. Likid sa rich ak yon prensip aktif ki rele aloyin. Prensip aktif vle di bagay nan lalwa-a ki ka aji sou kò-a.

 -Aloyin lan se yon laksatif vyolan. Yon pwodi laksatif se yon pwodi ki  
  ramoli ou byen likefye  matyè fekal andedan trip la.

 -Nou ka itilize lalwa pou konbat Maladi dyabèt, kivledi maladi twòp  
  sik nan san

 - Nou ka itilize lalwa pou konbat Maladi opresyon.
   Fason pou n ekstrè prensip aktif lalwa a, se lè nou pile fèy yo pou  
   nou pran ji fèy yo. Lè w ap prepare yon renmèd laksatif ak lalwa, ki
   vle di renmèd pou lache-w si-w, te konstipe, dòz pou-w itilize :ou pa
   dwe pran-l twòp pou-w pa gen dyare paske lalwa se yon pigatif
   vyolan.

 -Ou ka melanje yon jòn ze ak 20 degout ji lalwa nan valè 10 gwo kiyè
  dlo, pou-w prepare yon Lavman pou ti moun kont vè oksiyi.

 -Lè-w pile yon fèy lalwa byen lave, ou mete-l tranpe nan yon lit diven
  blan pandan 8 jou, wap gen yon renmèd tonik kont feblès, yon
  renmèd aperitif ki fè-w anvi manje ak yon renmèd kont Maladi vè
  nan trip timoun tankou granmoun.

 -Lalwa kapab kalme doulè. Se pou sa, lè moun boule nan dlo cho ou
  byen nan dife, si se pa gwo boule, nou ka mete sik lalwa sou yo pou
  kalme doulè a, enpi gen posiblite pou geri plè-a.

 -Lalwa gen pwopriyete detri mikwòb nan plè ak absè.

 -Si-w gen egzema nan pye, lave fèy lalwa, pran sik fèy lalwa yo pou-w
  mete sou pye yo. Egzema, se enfeksyon ak chanpiyon nan pye yo lè
  gen move lijyèn.
 
 Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.  

 
Moso listwa Dayiti