SEFÒM
SEKSYON FÒMASYON
DISPANSÈ DOKTÈ W. POLIKAP
GALMAN DIPLA KATYEMOREN, TEL: 559-5635/553-4431/553-4838
_______________________________________________________
Katyemoren, Galman Dipla, 24 me 2004
Soti nan Komite ekzekitif kòdinasyon fòmatè Sefòm
Pou fòmatè ak patisipan SEFÒM
Komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM lan felisite tout fòmatè pou kouraj ak detèminasyon yo, ki pèmèt fòmasyon an rive nan bout li. Nou pwofite okazyon an pou n enfòme fòmatè ak tout patisipan SEFÒM, Seremoni renmèt Sètifika Patisipasyon pou SEFÒM premye etap ak kòmanse nan dat dimanch 20 jen 2004 pou rive nan dat dimanch 8 dawou 2004, selon kalandriye sila:
1- Dimanch 20 jen 2004: Senmichèl Latalay nan lè 11 zè nan maten pou patisipan senmichèl latalay, nan depatman latibonit.
2- Samdi 26 jen 2004: Kadouch nan lè 2 zè apremidi, pou patisipan Granpre ak Kadouch.
3- Dimanch 27 jen 2004: Senrafayèl nan lè 11 zè nan maten pou patisipan Senrafayèl.
4- Samdi 3 jiyè 2004: Bodmè limonad, nan lè 2 zè apremidi pou patisipan nan Bodmè limonad ak Chabano.
5- Dimanch 4 jiyè 2004: Novyon, nan lè inè apremidi, pou patisipan Novyon.
6- Samdi 10 jiyè 2004: Pòmago nan lè 2 zè apremidi, pou patisipan pòmago.
7- Samdi 17 jiyè 2004: Bouk limonad nan lè 2 zè apremidi, pou patisipan limonad ak danfou.
8- Dimanch 18 jiyè 2004: Lenbe, nan lè 2 zè apremidi pou patisipan lenbe, simonèt, chatonèf, chamèt, piyat.
9- Vandredi 23 jiyè 2004: Pako (plèndinò), nan lè 2 zè apremidi pou patisipan nan pako.
10- Dimanch 25 jiyè 2004: Site lesko, nan lè 2 zè apremidi pou patisipan site lesko, semi lise kawonabo, EPPLS, fondasyon vensan, jòj silven, chanpen, blouyil.
11- Samdi 31 jiyè 2004: Oditoryòm radyo atlantik, galman dipla, katyemoren: pou patisipan galman dipla, chastenwa, semi-lise anakawona, baz ameriken, madlin, avyasyon, janpòl sat, pou etidyan nan sefòm pratik dezyèm etap, nan lekòl oksilyè medikal nan katyemoren (LEKOMÈK), ak pou tout fòmatè SEFÒM resikle.
12- Dimanch 8 dawou 2004: nan lè inè apremidi, pòtoprens pou patisipan pòtoprens, nan depatman lwès peyi dayiti
Chak fòmatè SEFÒM ap resevwa lis patisipan baz yo, ki reyisi tout 5 egzamen obligatwa yo ki bay yo dwa pou yo resevwa sètifika patisipasyon SEFÒM.
Komite ekzekitif kòdinasyon SEFÒM lan, pwofite enfòme tout fòmatè , nan dat 31 jiiyè 2004 la, gen seminè resiklaj pou tout fòmatè nan lè 9 vè maten nan sal kou LEKOMÈK; seremoni renmèt sètifika ak prim pou fòmatè SEFÒM, ap fèt menm jou 31 jiyè 2004 la a 3 zè apremidi nan oditoryòm radyo atlantik.
Egzamen oral pou tout patisipan ki resevwa sètifika patisipasyon, ap fèt jou samdi 14 dawou 2004 a 9 vè nan maten nan dispansè doktè polikap galman dipla katyemoren. Tout fòmatè ki te patisipe nan seri fòmasyon an ap sibi yon fòmasyon espesyal, menm jou 14 dawou 2004 la a 8 tè nan maten pou yo pote patisipasyon yo nan egzamen oral la. Savledi tout fòmatè ki konsène dwe prezan pou pita 8 tè nan maten pou preparasyon egzamen oral la.
Nan okazyon seremoni renmèt sètifika yo k ap fèt nan dat samdi 31 jiyè 2004 la, tout komite lokal, tout baz SEFÒM yo envite. Tout patisipan ki te deja resevwa sètifika, envite. Tout paran, zanmi ak senpatizan SEFÒM envite.
Apre seremoni renmèt sètifika yo, pral gen aktivite kiltirèl SEFÒM ak sware dansant. Tout fòmatè SEFÒM, tout sefòmis nan nenpòt baz SEFÒM ki swete fè yon prezantasyon nan aktivite kiltirèl la, dwe voye pwopozisyon yo pou pita nan dat 17 jiyè 2004 pou n gentan tabli pwotokòl pwogram seremoni an.
`Nan fèt SEFÒM, nan aktivite SEFÒM, meyè fason pou w fè moun rekonèt se SEFÒMIS ou ye, se lè w gen mayo SEFÒM ou sou wou. Reklame mayo SEFÒM ou nan biwo SEFÒM, nan dispansè doktè polikap, galman dipla, katyemoren, ou byen nan men nenpòt fòmatè SEFÒM. Tout sefòmis, tout senpatizan SEFÒM, tout fòmatè SEFÒM, prezante ak mayo SEFÒM ou sou wou, nan seremoni 31 jiyè 2004 la, pou fèt la pi bèl, pou listwa SEFÒM rete vivan.
SEFÒM se pou wou, SEFÒM, se pou nou tout.
Pou komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM lan:
| ______________________________________________________________________________________________ |
SEKSYON FÒMASYON (SEFÒM)
DISPANSÈ DOKTÈ W. POLIKAP (DDWP)
GALMAN, KATYEMOREN / B.P. # 184 OKAP/ TEL: 559-5635/553-4431/553-4838
_______________________________________________________
Katyemoren, 22 Me 2005
Soti nan Komite Ekzekitif Kowòdinasyon SEFÒM
Pou: Fòmatè ak Patisipan SEFÒM
Byen chè fòmatè,
Komite ekzekitif Kowòdinasyon an prezante konpliman bay tout fòmatè ki te pote patisipasyon yo nan seri fòmasyon 2004-2005 lan ki bout selon kalandriye sila:
- Samdi 11 jen 2005: dat limit pou tout baz SEFÒM boukle pwogram yo
- Samdi 18 jen: Egzamen ratrapaj a 10 zè nan maten, nan Oditoryòm Radyo Atlantik, pou tout patisipan ki pa t reyisi, ou byen ki pa t konpoze nan 2 egzamen
- Samdi 25 jen: a 11 zè nan maten, Seremoni Renmèt Sètifika pou patisipan SEFÒM nan Senmichèl Latalay
- Dimanch 26 jen: nan lè inè apremidi, Seremoni Renmèt Sètifika pou patisipan SEFÒM nan Senrafayèl
- Samdi 2 jiyè: nan lè inè apremidi, Seremoni Remèt Sètifika pou patisipan SEFÒM nan Dondon
- Dimanch 3 jiyè: nan lè inè apremidi, Seremoni Renmèt Sètifika pou patisipan SEFÒM nan Pòmago ak Novyon; Seremoni an ap fèt Novyon.
- Dimanch 10 jiyè: nan lè 2 zè apremidi, Seremoni Renmèt Sètifika pou patisipan SEFÒM nan Lakil ak Lenbe; Seremoni an ap fèt Lakil.
- Samdi 16 jiyè: nan lè 2 zè apremidi, Seremoni Renmèt Sètifika pou patisipan SEFÒM nan Limonad
- Dimanch 17 jiyè: nan lè 2 zè apremidi, Seremoni Renmèt Sètifika pou patisipan SEFÒM nan: Site Lesko, Chanpen, Banndinò, Semilise Kawonabo, Kolèj JanPraysMas(okap); Seremoni an ap fèt nan lekòl Jan 23, site lesko, okap
- Dimanch 31 jiyè: nan lè 3 zè apremidi, Seremoni Renmèt Sètifika pou patisipan SEFÒM nan Galman Dipla, Madlin, Kolèj JanPraysMas(petitans), Kolèj Senvensandepòl, Ri difò, Foujwòl, Semi-lise Anakawona, pou etidyan nan LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN (LEKOMÈK), pou fòmatè SEFÒM resikle.
ATANSYON: 1- Tout fòmatè ak manb baz SEFÒM ki pral patisipe nan Seremoni Renmèt Sètifika nan dat 31 jiyè a, konvoke nan yon rankont preparatwa jou madi 19 jiyè 2005 nan biwo SEFÒM, galman dipla, katyemoren
2- Resiklaj obligatwa pou tout fòmatè kòmanse samdi 4 jen 8 tè nan maten. Fòmasyon an ap fèt chak samdi jouk rive 30 jiyè. Se sèl fòmatè enskri nan biwo SEFÒM k ap gen otorizasyon resevwa fòmasyon. Se sèl fòmatè resikle k ap gen dwa transmèt fòmasyon nan non SEFÒM. Omwen 7 seminè fòmasyon endispansab pou tout nouvo fòmatè ki ponkò janm resevwa fòmasyon fòmatè, ak pou tout ansyen fòmatè ki pa janm fè fòmasyon nan baz SEFÒM. Omwen 2 seminè endispansab pou tout fòmatè ki abitye fè fòmasyon nan baz SEFÒM.
3- Tout fòmatè resikle dwe prezan jou samdi 30 jiyè a, nan dènye seminè resiklaj la, pou yo patisipe nan distribisyon prim ak konpliman pou vanyan fòmatè 2004-2005 yo.
Chak fòmatè SEFÒM, se limyè pou kominote a... Fòmatè SEFÒM, fòme lòt moun, pou sètifika ki nan men w lan gen plis valè... Fòmatè SEFÒM, nou p ap kanpe nan wout, paske nou ponkò rive.
Pou komite ekzekifif kowòdinasyon SEFÒM:
|