Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Renmèd fèy: Kajou Anmè

Ekòs kajou-a astrejan anpil, savledi, lè w fè yon enfizyon ak li,  l ap koupe dyare. Ekòs la anmè, moun ka fè yon enfizyon ak li pou konbat lafyèv. Si nou pile ekòs la, l ap tounen poud, nou ka itilize poud sa pou n mete sou plè enfèkte k ap geri byen vit.

Fèy kajou gen movèz odè . Nan peyi zantiy yo, yo itilize fèy yo ak flè kajou yo pou fè enfizyon kont doulè. Yo ka itilize enfizyon fèy ak flè kajou anmè a tou, kont doulè nan zòrèy lè w mete kèk degout enfizyon an nan zòrèy la. Frui kajou anmè a vèmifij kivledi frui a se yon renmèd ki bon pou touye vè nan vant.

Grenn kajou anmè a : Li genyen yon luil ladan l, si w blese ou byen si w brile, ou ka retire luil grenn kajou anmè a pou w pase sou plè a, k ap sikatrize byen vit. Sikatrize vledi plè a fèmen, enpi l kite yon mak.

Grenn kajou anmè : Si w pile yo pou w fè poud, poud sa, lè w mete l sou yon plè l ap seche plè sa byen rapid.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 

 

 

 

 

 

 

 




 
Moso listwa Dayiti