Grenn kafe-a gen fòm ovoyid. Ovoyid vle di, bagay ki gen menm fòm ak ze. Grenn kafe yo gen koulè vèt pal pandan yo jenn. Lè grenn kafe yo matrite, lè yo mi, yo vin tou wouj. Fòk ou pile kafe a pou retire grenn li yo nan po ki vlope yo-a. Kafe se yon èstimilan, yon bwason enèjetik,lè wap bwè l sikre. Èstimilan se yon renmèd ou byen bagay ki pèmèt tout kò a ou byen òga n yo fonksyone ak plis vi.Yon bwason enèjetik, savledi, Bwason ki bay fòs ak enèji. Kafe pèmèt ou jwen n fòs enpi li konsève lavi moun.
- Kafe genyen aksyon sou selil ki nan sèvo a enpi li genyen aksyon tou sou kè a. Se pou sa, nou pa dwe itilize kafe a twòp yon fason pou l pa fè nou plis mal pase byen. Kafe genyen aksyon sou ren yo tou. Li pèmèt ren yo fè travay yo ki se ekstrè kivledi retire dechè nan san-an, pou elimine dechè sa yo nan pipi.
-Kafe genyen yon sibstans aktiv ki rele Kafeyin ladan l. Enben, kafeyin lan ki nan kafe a, se yon medikaman kont maladi nan kè. Nou ka itilize kafe kont enflamasyon manb enferyè yo. Fè yon dekòksyon ak yon ponyen fèy kafe vèt. Itilize l pou w lave pye yo ki anfle-a. Enfisyon sa ap dezanfle pye yo, l ap kouri dèyè kranp ak dlo ki chita nan pye yo .
Melanje swif ak miskad graje ak kafe vèt. Mete melanj sa sou fwon-w ak sou letanp ou. Se yon bon renmèd kont sefale, kivledi tèt fè mal.
- Si-w fè gwo refwadisman, fè yon enfizyon ak 10 ou byen 15 genn kafe mi ak vèt nan yon demi lit dlo ki fenk fin bouyi. Mete grenn kafe yo ak kèk boujon fèy kafe byen lave nan yon veso byen pwòp; vide dlo bouyi sou yo; kite yo tranpe pandan 5 ou byen 6 minit. Bwè yon gwo tas nan enfizyon sa 2 fwa nan jounen an. Malad la ap reprann kò l byen vit. Moun ki bwè enfizyon an ap transpire anpil.
-Fè yon enfizyon ak twa fèy kafe nan yon tas dlo ki fenk fin bouyi. Bwè yon tas nan enfizyon sa maten ak aswè. Enfizyon sa, se febrifij kivledi, se renmèd lè w pran l ki jete lafyèv.
-Kont maladi opresyon, pran 3 gwo kiyè esans kafe, 7 gout sitwon ak yon ti priz disèl. Melanje yo pou malad la bwè.
- Pou moun ki sou anba tafya: Bwè yon tas esans kafe ak disèl. Ak teknik sa, ou kapab bwè, l ap anpeche w sou.
- Pou w lite kont dizantri, bouyi 12 grenn kafe vèt nan yon lit dlo pou l redui demi lit pou w bwè. Dizantri vledi gwo dyare ak glè ak san nan poupou-a.
- Maladi lagout, kivledi gwo doulè atikilasyon, lakòz pwoblèm metabolism asid nan kò a. Lè w santi premye sentòm yo, kraze kèk grenn kafe vèt, bouyi yo, bwè yon tas 4 fwa nan jounen an.
- Rim sèvo: Rale nan nen w, lodè esans kafe a, wap jwenn soulajman.
- Tous: Bouyi 5 grenn kafe vèt nan yon ka lit dlo. Kite l tranpe pandan 15 minit konsa. Bwè dite sa kont tous la, w ap jwenn soulajman.
- Moun ki soufwi maladi tansyon twò ba, ap pran yon tas esans kafe pou l jwenn soulajman.
- Lè règ ou pa vini nan lè regilye : Bwè yon enfizyon fèy kafe sèch k ap fè règ ou vini nan lè nòmal.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|