MALADI ASID AK MALADI ILSÈ GASTRO-DIYODENAL
Tankou tout lòt maladi, maladi asid ak ilsè gastro- diyodenal kapab mennen yon moun anba tè si l pa jwenn swayaj.
KI SA MALADI ASID AK MALADI ILSÈ GASTRO-DIYODENAL YE?
Andedan vant, anba kè a, gen yon pati nan trip la ki pi gwo tankou yon blad plen van, yo rele lestomak ou byen aparèy gastrik. Lestomak, se yon pòch ki gen gaz, ak dlo asid ladan. Lè yon moun fin kraze yon manje nan bouch li, li vale l, se nan lestomak ou byen aparèy gastrik la manje a pral kòmanse dijere, pral brase, melanje ak asid lestomak la, pou pèmèt manje a tounen pi piti moso, dekwa pou yon pati nan manje a rantre nan san, yon lòt pati tounen poupou lè l rive pi ba nan trip la.
Gen anpil sikonstans ki kapab lakòz maladi gastrit, kivledi lestomak la anfle.
Trip moun, se yon tiyo long ki soti apre bouch la pou rive nan anis la, kivledi twou dèyè a. Lè manje a fin kraze nan bouch la, premye moso tiyo trip kote manje a pase, lè n fin vale l, yo rele l ezofaj, anvan l rive nan lestomak la. Apre lestomak la, manje nou vale a rive nan yon lòt pati nan tiyo trip la, yo rele diyodenòm.
Lè moun soufri maladi asid, se lè dlo asid lestomak la twòp, enpi se twòp asid la ki pral fè moun lan soufri. Lestomak, tankou diyodenòm, se pati nan trip la ki fen anpil; lè moun soufri maladi asid, si l pa chèche enpi jwenn swayaj, dlo asid la kapab fouye, fè yon twou nan lestomak la sèlman, ou byen nan lestomak ak nan diyodenòm lan. Lè se lestomak la sèlman ki fouye, nou kapab di moun lan soufri maladi ilsè gastrik ou byen ilsè lestomak; Lè lestomak ansanm ak diyodenòm lan gen twou, nou kapab di malad la soufri maladi ilsè gastro-diyodenal. Lè gen twou nan trip la, manje nou vale a pase nan twou a, olye l kontinye desann nan rès tiyo trip la. Sa kapab kapab lakòz gwo enfeksyon ak gwo dega andedan vant la.
KI SA KI KA LAKÒZ MOUN SOUFRI MALADI ASID AK MALADI ILSÈ GASTRO-DIYODENAL?
Moun ka trape maladi asid ak maladi ilsè gastro-diyodenal, lè l pran labitid vale manje cho, lè l gen kè sote toutan, lè l manje anpil zepis tankou pwav, piman, lè l fimen, pran tabak, lè l bwè kleren ou byen nenpòt bagay ki gen kleren ak alkòl, lè l bwè anpil grenn aspirin, lè l bwè anpil kafe, lè l manje anpil grès. Gen kèk renmèd ki bon pou kalme doulè ak enflamasyon, ou byen pou desann tansyon twò wo, renmèd sayo konn lakòz moun vin soufri maladi asid ak ilsè gastro-diyodenal.
KI SIY AK KI SENTOM KI KA FÈ N SISPÈK YON MOUN SOUFRI MALADI ASID AK ILSÈ GASTRO-DIYODENAL?
Nan ka maladi asid la, moun lan santi kè brile, anba kè fè mal, wote si; moun lan konn vomi, krache anpil, gen dyare, moun lan konn pèdi nannan, li vin megri akòz li pè manje.
Nan ka maladi ilsè gastro-diyodenal la, doulè anba kè a kòmanse yon sèl kou, tankou yon kout pwanya moun lan resevwa anba kè, enpi doulè a mache nan tout vant, nan tout do moun lan, li pa ka poupou, li pa ka fè van, vant li rèd, li konn vomi san, poupou san nwa ou byen wouj. Lè l fè emoraji nan trip la konsa, li pral fè tankou se moun ki soufri maladi anemi san ak maladi tansyon twò ba, li pral sye anpil, li konn gen ti lafyèv.
Lè yon moun soufri maladi ilsè gastro-diyodenal pa pran bonjan renmèd, li pral oblije fè operasyon pou l pa mouri akòz twòp san l ap pèdi ak gwo dega ki deja fèt andedan vant la.
PREKOSYON KONT MALADI ASID AK MALADI ILSÈ GASTRO-DIYODENAL
Pa vale manje cho, pa bwè bagay twò cho; bwè lèt, manje bagay ki fèt ak lèt; pa rete grangou; tanzantan, moun lan dwe manje ti bagay dekwa pou dlo asid la pa vin twòp nan lestomak la; pa bwè kleren, kafe, ji chadèk, kola ki gen gaz; pa manje grès, pwav, piman, pa bwè grenn aspirin.
Suiv konsèy ak trètman travayè sante, enpi maladi ap rekile ak patisipasyon nou. Lè maladi rekile, se pwoteksyon pou nou menm, pou fanmiy nou, ak pou tout kominote a.
|