Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Ijyèn dlo

IJYÈN DLO

Ijyèn, se tout prekosyon moun dwe pran pou yo konsève lasante. Dlo, se bagay ki pi enpòtan nan tout prekosyon sayo. Nan yon peyi ki pa gen bon dlo, anpil dlo, sitwayen yo pa ka gen bonjan lasante.

SOU KI FÒM  NOU KA JWENN DLO?
Nou ka jwenn dlo sou fòm solid, byen di, tankou laglas; nou gen dlo sou fòm likid, tankou dlo pou bwè, pou sèvi; nou jwenn dlo sou fòm vapè, tankou chalè k ap soti lè w ap bouyi dlo. Si kò moun gen 4 ka, dlo kò a reprezante 3 ka.

KI SA DLO POTAB VLEDI?
Dlo potab, se tout dlo pwòp moun ka bwè san lapèrèz, ki pa gen okenn bagay ki ka fè moun malad.

KI SA KI KA SAL YON DLO POTAB?
Bagay ki sal dlo potab, se poupou, pipi, lapousyè, pwodi angrè yo konn mete nan latè, krache, vye bagay ki soti nan izin, tout vye bèt mouri ak vye bagay pouri. Bagay sayo ki soti swa nan moun, swa nan zannimo, lè yo rive atè, dlo lapli pran yo pou mennen yo anba tè, nan sous dlo, nan pi, nan lanmè.
Dlo lapli pa potab, paske l desann ak lapousyè ki nan lè a, ou byen ak malpwòpte ki sou tòl, sou dal li tonbe a anvan l rive nan veso k ap pran dlo a.

KI MALADI MOUN KA TRAPE NAN DLO?
Dlo ki pa potab ka pote lakay moun maladi tifoyid, malarya, kolera (kivledi yon maladi ki bay moun gwo dyare), maladi nan fwa, nan trip, maladi vè nan vant, maladi gratèl, pwazon ki soti nan izin, ak anpil lòt ankò.

KI KOTE DLO SOTI?
Lè dlo lanmè ak lòt dlo bouyi fè vapè, vapè sayo monte anlè, yo tounen nyaj. Nyaj sayo pral tonbe sou fòm lapli. Gen dlo anba tè, dlo sayo ki soti anba tè a bay dlo pi, dlo sous; gen lòt dlo tou tankou: dlo lanmè, dlo larivyè, dlo chita. Dlo anwo tankou dlo anba tè pa toujou potab. Lè w mete yon dlo potab, yon dlo pwòp nan veso ki pa pwòp dlo a vin pa potab ankò.

KIJAN NOU KA FÈ YON DLO VIN POTAB?
Nou dwe fè dlo a potab anvan nou bwè l, anvan nou fè ji ak li, anvan nou prepare lèt ou byen fè twalèt pou ti bebe ak li, anvan nou fè twalèt vajen fanm ak li, anvan nou fè pansman ou byen lave plè ak ki, yon fason pou mikwòb pa rantre sou nou; dlo a dwe klè tankou dlo kokoye.
Fason ki pi fasil nou ka fè yon dlo pwòp vin potab ou byen trete yon dlo, se: dlo bouyi, dlo filtre, dlo chofe solèy, ak pwodi nan dlo.

DLO BOUYI
Dlo a dwe fè gwo bouyi pandan 20 minit. Dlo a pa dwe chofe sèlman. Lè dlo a fin bouyi, nou pa dwe koule l nan twal ou byen nan paswa. Si dlo a twoub, si l pa klè, nou kapab koule l anvan nou bouyi l. Lè dlo bouyi a fin frèt, nou dwe konsève l nan veso pwòp, byen chode, byen kouvri. Chak fwa nou pral pran nan dlo sa pou n sèvi, nou dwe lave men nou. Nan yon dlo byen bouyi, prèske pa gen okenn mikwòb ki rete vivan.
Lòt fason nou ka bouyi dlo ankò pou tout mikwòb mouri, se lè nou itilize yon bonm byen kouvri kote dlo a ka bouyi san vapè a pa ka soti.

DLO FILTRE
Dlo kapab filtre ak aparèy espesyal. Dlo kapab filtre ak mwayen natirèl tankou: sab, gravye, chabon. Lè dlo lapli tonbe atè, kote l ranmanse valè mikwòb, dlo sa pral desann anba tè pou l al jwenn dlo sous ak dlo pi yo. Pandan dlo sa ap desann anba tè a, li travèse plizyè kouch sab, tè, gravye. Nan chak kote dlo sa rive, yon bon pati nan mikwòb ak malpwòpte yo rete kole nan sab ak tè a. Dlo filtre natirèl sa ka pwòp, men l pa potab.

DLO CHOFE NAN SOLÈY
Dlo chofe nan solèy pa bon pou moun bwè, paske l pa potab. Nan dlo chofe solèy pifò mikwòb yo mouri. Moun kapab benyen, fè twalèt ak dlo chofe solèy, san danje.

PWODI NAN DLO
Nou ka mete klowòks ou byen dlo javèl nan dlo pwòp pou nou fè dlo a vin potab. Pou chak galon dlo pwòp nou ka mete ou byen 15 ti degout klowòks ou byen 7 ti degout dlo javèl. Lè dlo sa fin byen melanje ak pwodi a, anpil mikwòb ki te nan dlo a mouri.

DLO KI FÈ GLAS
Glas se dlo. Si dlo ki te sèvi pou fè glas la te gen mikwòb, glas sa konsève tout mikwòb yo. Lè dlo sa fonn, mikwòb yo pral gaye nan ji ou byen nan dlo glase a. Si nan dlo ki te sèvi pou fè glas la te gen pwazon, si nou mete glas sa nan ji, nan dlo, nou kapab anpwazonnen moun ki bwè dlo ou byen ji sa. Savledi, dlo ki sèvi pou fè glas, dwe potab.

DLO KOLA AK DLO JI NAN BOUTÈY
Tout kola, malta gen menm defo, menm kalite ak dlo ki te sèvi pou fè yo. Anplis, pandan y ap mete dlo kola, ou byen dlo ji yo nan boutèy, yo konn ranmase lòt mikwòb. Pafwa, se menm boutèy moun konn pipi, krache nan yo, se menm boutèy sayo ki gen ravèt ak mouch andedan yo, izin lan itilize pou mete kola ak ji pou moun bwè. Kola yo ki gen gaz nan yo, konn patisipe nan fè moun soufri maladi asid ak ilsè lestomak. 

PREKOSYON
Bwè dlo bouyi. Pa kite ma dlo chita bò lakay nou. Nòmalman, leta ta dwe bay tout moun, nan chak kay lavil tankou andeyò, bon kalite dlo tiyo potab gratis, lajounen tankou lannuit. Eta sante popilasyon an depann de kantite ak kalite dlo li jwenn pou l sèvi. Se pousa nou tout dwe patisipe pou pèmèt tout moun jwenn valè dlo pou yo sèvi. Konsa, maladi kapab rekile. Pa janm bliye ti konsèy la: pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a.

 

 

 

Moso listwa Dayiti