Fèy ,rasin, ak tij ki vledi bwa grenn legliz la bechik, li pèktoral.
Pèktoral : se renmèd kont maladi nan pwatrin lan.
Bechik :se renmèd kont tous ak grip. Yo itilize tij,rasin, ak fèy grenn legliz yo pou yo prepare renmèd kont tous, rim, grip ak lòt maladi nan poumon ou byen nan pwatrin lan ; tizann sa bon tou kont iritasyon gòj lan ak maladi blenoraji.
- Grenn lan gen yon sibstans albiminoyid ladan l ki toksik anpil. Toksik vledi pwazon.Sibstans toksik sa rele abwin.
- Tranpe grenn legliz yo nan dlo, enpi sèvi ak maserasyon an pou w lave zye yo kont maladi konjonktivit.
- Si w gen lawouli , fè yon enfizyon ak fèy grenn legliz yo pou w lave tèt la.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|