Si w fè yon ti blese nenpòt pati nan pye bwa a, l ap bay yon likid blan ki santi bon ,sik bwa gonmye a ap di byen vit enpi yo itilize gòm gonmye a tankou lansan.
- Lontan yo te konn itilize sik gonmye wouj la pou geri plè ak blesi. Lè gen liksasyon nan manb yo, yo konn mete sik gonmye wouj la sou zo ki debwate yo. Liksasyon vle di, lè yon zo sòti nan plas li ou byen se lè zo yo debwate.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|