Fèy yo ak jenn ti bwa plant lan emolyant. Emolyant, se bagay nan plant lan ki ramoli kò w lè w itilize l. Yo souvan itilize fèy gliserin yo pou fè ben y tyèd pou ti moun ki gen bouton chalè.
Lè moun malad nan po kò, lè moun brile, yo ka itilize fèy gliserin pou fè konprès pou mete sou kote ki malad la.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|