Ekòs gayak lan depirativ, ekòs lan diyiretik tou.
Depirativ se bagay nan renmèd lan, lè w pran l, li pirifye òganis lan, lè l elimine toksin nan san an.
Diyiretik se renmèd ou pran pou elimine irin lan.
Ou ka fè tizann ak ekòs gayak lan kont maladi siwoz fwa, maladi nan ren ak maladi nan trip yo.
Yo pran tizann lan kont maladi lagout. Maladi lagout, se maladi gwo doulè nan atikilasyon yo, lakòz defo nan metabolism plizyè asid nan òganism lan.
Tizann sa bon tou kont Maladi rimatis atikilè, maladi sifilis ak kèk maladi nan po kò a.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|