MALADI FILARYOZ
KISA MALADI FILARYOZ VLEDI? Maladi filaryoz, se yon enfestasyon akòz yon mikwòb parazit, yon vè, nan kategori vè yo rele filaride.
Lè moun trape enfestasyon an, vè yo rantre anba po kò a, nan san, ak nan veso lenfatik yo, sa ki lakòz pati ki enfeste yo anfle.
Lè femèl vè a fè pitit nan san moun lan, li pa ponn ze, li fè pitit li tou vivan. Se sa yo rele vè vivipa. Vè sa yo kapab rete nan san ou byen nan veso lenfatik yo ou byen anba po kò moun lan pandan plizyè mwa jiskaske yon marengwen vin pike moun lan pou bwè san l ak tout vè a ladan l.
KÒMAN MOUN KA TRAPE MALADI FILARYOZ? Gen divès kalite vè filaride ki kapab rantre nan kò moun pou pote maladi a. Men, vè yo ki pi souvan lakòz moun malad, yo rele yo: wouchererya bankwòfti, brujya malayi, wouchererya pasifika, wouchererya lewisi ak brujya timori.
Lè vè sa a ap panpannen nan san moun malad la, yon marengwen kapab vin bwè san moun sa ki gen vè a ladan l. Apre marengwen an fin bwè san enfèste a, vè a matrite andedan marengwen an, enpi li monte nan bouch li. Lè marengwen sa pike yon lòt moun ki ponkò malad, pou l souse san l, li krache vè a nan san ou byen anba po moun sa, ki tou trape maladi a. Lè vè sa a rantre nan kò moun lan, li kapab pase plizyè lane l ap kale pitit andedan kò moun lan. Pafwa, plis pase 10 lane. Men, se sitou lannuit ant lè 9 vè aswè ak 2 zè nan maten, gen plis vè sa yo nan san moun malad la.
Pou kounyè a, gen plis pase 250 milyon moun atravè lemondantye ki soufri maladi filaryoz. Kalite marengwen ki pi souvan sèvi vektè ou byen paspò pou transmèt vè maladi a, yo rele yo: Aedès, kilèks, anofèl, ak mansonya.
KÒMAN NOU KA SISPÈK YON MOUN SOUFRI MALADI FILARYOZ? Gen moun ki soufri maladi a, li pa prezante okenn siy ni sentòm maladi a. Lè sa, maladi a pa grav. Men, se apati 3 mwa apre moun lan fin trape mikwòb, vè a, maladi a kòmanse manifèste. Sepandan, gen moun ki konn pase ant 8 ak 12 mwa vè a ap kale pitit andedan kò l anvan siy ak sentòm maladi a kòmanse parèt.
Moun lan santi gwo lafyèv frison, enpi pati ki anfle a wouj, li pi cho pase rès kò a. Moun lan gen tèt fè mal, noze, kivledi l anvi vomi, li konn vomi, li konn pa ka gade limyè, l ap sye anpil, enpi l santi kò fè mal. Lè veso lenfatik yo anfle, bouche, pati sa vin pi gwo. Yo rele sa lenfanjit ou byen lenfedèm. Pi souvan, se pati pye, manb enferyè yo, andedan vant, vajen lakay fanm ak ti grenn gason ki konn anfle, vin pi gwo. Lè se manb enferyè a ki vin pi gwo, yo rele sa elefanntyazis, kivledi pye elefan. Kriz lenfanfit konn parèt chak peryòd anpil mikwòb anvayi san an. Pafwa, lè mikwòb, vè yo rive nan poumon yo, sa konn lakòz malad la touse, li santi sansasyon etoufman. Lè vè yo pase nan ren, sa konn lakòz malad la pipi ki gen koulè blanch tankou lèt moun konn bwè.
PREKOSYON KONT MALADI FILARYOZ Gen bonjan renmèd pou touye mikwòb vè ki lakòz moun soufri maladi filaryoz. Pou vè sa yo rive mouri, malad la dwe pran renmèd toulejou pandan omwen 4 semèn. Se sèlman travayè sante ki gen fòmasyon pou sa, ki kapab bay moun renmèd kont maladi filaryoz.
Menm si moun lan bwè renmèd pou touye vè yo, gen pati nan kò a ki te deja anfle lakòz veso lenfatik yo ki bouche ou byen dilate, pati sa yo kapab difisil pou yo dezanfle, selon kote enflamasyon an sitiye.
Pou moun ki gen elefanntyazis, yo rele tou gwo pye, moun sa yo kapab bande pye anfle yo ak yon bandaj lastik lajounen. Se nan pati bò zòtèy yo pou bandaj la kòmanse, pou l rive jis nan kuis. Malad sa yo kapab mete ba lastik espesyal ki jwe menm wòl ak bandaj lastik yo. Lè moun ki gen elefanntyazis kouche, yo dwe mete yonn ou byen 2 zorye anba pye yo, yon fason pou pye yo soti pi wo pase tèt yo.
Nan zòn kote maladi filaryoz la ap fè ravaj, responsab sante piblik dwe mennen kanpay pou touye marengwen, seche ma dlo kote marengwen kale pitit, kalkile ki kantite moun ki soufri maladi filaryoz la, enpi mete renmèd kòrèk nan dispansè, lopital, klinik, pou travayè sante kalifye swaye moun ki soufri maladi filaryoz.
Men, trètman ak prevansyon kont maladi filaryoz pa ka fèt nan yon sèl jou, ni ak kèk grenn moun bwè yon sèl kou.
Kèk grenn moun bwè yon sèl kou pa ka anpeche moun trape maladi filaryoz !!!
SEFÒM, se seksyon fòmasyon nan dispansè doktè W. Polikap. Dirijan SEFÒM ap enfòme tout popilasyon an, pou yo pran anpil prekosyon apwopo plizyè moun k ap distribye grenn swadizan pou trete maladi filaryoz. Nan plizyè lokalite, sitou katyemoren, limonad, plèndinò, ak lòt kote andeyò vil yo, plizyè moun ki fin bwè grenn nou tande k ap distribye tribòbabò, moun ki pat malad, vin malad grav, menm gen moun ki rive mouri lè yo fin bwè grenn sa yo.
Chalatan blan, tankou chalatan nèg ap feraye nan peyi dayiti. Ki kote grenn sa yo soti? Se leta, se ministè sante piblik ki bay moun sa yo otorizasyon vin distribye grenn maladi, grenn lanmò nan popilasyon an. Lè moun sa yo bezwen fè eksperyans, eseye vye pwodi yo, se pèp malere yo chwazi nan peyi dayiti. N ap mande pou responsab sante piblik nan depatman yo, nan peyi dayiti, pou yo pran responsablite yo, vin bay eksplikasyon sou grenn pwazonnen k ap sikile ak pretèks trete moun kont maladi filaryoz.
Nou mande moun yo k ap distribye grenn sa yo, sispann aktivite sa prese prese, jiskaske responsab sante piblik bay eksplikasyon klè, enpi pou responsab sa yo pran angajman mennen ankèt sou tout moun nan popilasyon an ki deja viktim, pou moun sa yo jwenn reparasyon ak dedomajman.
Gen moun, lè yo fin bwè grenn sispèk sa yo, yo blije depanse anpil lajan nan lopital ak dispansè pou yo pa mouri. Gen jèn fiy ak jèn gason ki vin pa ka fè pitit, gen moun ki rive mouri apre yo fin bwè grenn sispèk sa yo. Ki moun ki responsab?.
Tout moun dwe konnen, ponkò gen vaksen ki egziste kont maladi filaryoz. Alòs, pèsonn pa gen dwa vin pran pretèks di se vaksinen yo vin vaksinen pou swadizan pwoteje moun kont maladi filaryoz. Anplis, si yon moun soufri maladi filaryoz tout bon vre, trètman maladi sa dire 3 a 4 semèn, kote malad la blije pran renmèd toulejou. Si nou pa jwenn eksplikasyon, si yo pa sispann pratik itilize nou pou yo eseye pwodi sispèk, yo fabrike lòt bò, enben, popilasyon an dwe rele chalbari nan dengonn tout malfektè. Gen moun ki resevwa kòb ak kèk lòt avantaj pou yo patisipe nan konplo a, san yo pa konnen si se yon konplo. Nou mande moun sa yo pou yo rale kò yo kite konplotè yo.
Yon lòt fwa ankò, nou enfòme popilasyon an, sou danje ki genyen lè moun bwè grenn sispèk sa yo k ap distribye nan chak bout kwen andeyò tankou andedan vil yo. Menm si yon moun bwè grenn sa yo, sa pa ka anpeche moun trape maladi filaryoz, enpi grenn sa yo, se pa trètman maladi filaryoz.
Konplotè ap eseye pwodi sispèk sou popilasyon an. Konplotè ap kontinye monte konplo kont yon pèp ki lage 2 bra pandye kote responsab zafè lasante ki touche pou pwoteje enpi enfòme popilasyon an ap patisipe nan konplo a. Nou di pinga !!!
|