FANM ANSENT: ATANSYON PA KAPON
Yon fanm gwòs, se pa yon fanm malad; savledi, gwosès pa yon maladi. Lè yon fanm ansent, andedan tankou deyò kò l pral chanje. Fanm ansent dwe pran prekosyon nan manje l, nan rad ak soulye l, nan pwòpte kò l, nan aktivite l, ak tout sa ki konsènen eta sante l.
MANJE FANM ANSENT
Lè yon fanm ansent manje, li manje pou omwen 2 moun. Manje fanm ansent dwe byen balanse. Yon manje byen balanse dwe gen sik, grès, vyann, vitamin ak dlo.
Li bezwen sik, paske se manje ki gen sik ki pèmèt li jwenn fòs pou l fè aktivite ak mouvman. Manje ki gen sik, se tout viv yo, tankou: patat, tayo, yanm, manyòk, bannann, ak farin.
Grès konsidere tankou manje sere nan kò a. Manje ki pote grès nan kò a, se: krèm lèt, fwomaj, luil, nwa, pistach griye, vyann gra.
Vyann nan manje fanm ansent pèmèt fanm lan pran nannan; menm jan tou, vyann pèmèt ti bebe andedan vant fanm ansent la grandi byen. Manje ki ka ranplase vyann, se: lèt, fwomaj, ze, pwason, pistach griye, manba, nwa, tout bèt lanmè, bèt larivyè, bèt volay...
Fanm ansent la dwe pran vitamin natirèl, li kapab jwenn nan lèt, bè, fwomaj, ze, legim, luil fwa mori, frui, fèy (zepina, lyann panye, kreson, zèb zegiy, lanman laye, koupye...)
Kò bezwen anpil dlo pou l byen fonksyone, paske kò gen plis dlo pase tout lòt bagay. Fanm ansent dwe bwè ji, anpil dlo, sitou nan tan cho, kote fanm lan ap sye. Men fanm ansent pa dwe bwè tafya, renmèd tranpe nan kleren, diven; li pa dwe fimen, ni pran tabak an poud; li pa dwe demere kote moun ap fimen. Yon fanm ansent pa dwe bwè twòp dite ni kafe ki kapab fè l nève fasil.
RAD AK SOULYE FANM ANSENT Twal lenn ou byen twal swa seche lasyè byen, enpi yo pi bon lè tan ap chanje toutan. Fanm ansent pa dwe mete soutyen, pantalèt, jipon ou byen rad sere. Rad ak anbarad fanm ansent dwe byen laj, pou pèmèt san sikile.
Fanm ansent pa dwe mete soulye ak talon kikit, ki ka fè l bouke, tonbe lè l ap mache. Li dwe mete talon plat ou byen sandal ki gen fòs, paske pantouf pa bon pou fanm ansent.
PWÒPTE KÒ FANM ANSENT Fanm ansent sye anpil. Syè, se fason pou kò a elimine bagay li pa bezwen. Pou sa, fanm ansent la dwe pran ti ben y tyèd chak jou jis rive 8 mwa gwosès. Lè fanm ansent, li konn bay ti dlo nan kilòt li, ak ti gratèl nan vajen. Pou sa, fanm lan dwe fè twalèt li 3 fwa nan jounen an, ak dlo savon. Nan dlo bouyi frèt la, li kapab mete swa ti pèmaganat, swa kèk ti degout ji sitwon.
Fanm ansent la dwe netwaye pwent tete yo ak ti alkòl, enpi pase ti luil sou yo.
Lè pye fanm ansent lan anfle akòz devlòpman pitla, ou byen paske l mete rad ki twò sere, li kapab lave pye yo souvan, enpi lè l kouche, li dwe mete pye yo sou 2 zorye. Li pa dwe rete kanpe ou byen chita ak pye yo pan n twò lontan.
AKTIVITE FANM ANSENT Fanm ansent pa dwe pran kabann toutan, li dwe kontinye fè travay li, men li pa dwe leve bagay ki lou. Vwayaj lwen nan machin, nan batiman, sou zannimo pa bon pou fanm ansent. Apati dat 7 mwa gwosès, fanm ansent lan pa dwe nan relasyon seksyèl, paske lè peni gason an rantre andedan vajen l, li kapab lakòz akouchman anvan lè, ou byen li kapab pote enfeksyon.
KONTWÒL MEDIKAL FANM ANSENT Lè yon fanm ansent, gwosès la konn lakòz maladi parèt sou li. Menm jan tou, gen maladi fanm lan te soufri anvan l te ansent, maladi sayo konn vin pi grav. Pou sa, fanm ansent dwe konsilte regilyèman, pou siveye eta sante l.
Enpi, ti konsèy nou pa dwe janm bliye: Pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w.. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a.
|