Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Maladi ak Renmèd Fèy: Epilèpsi

Se yon maladi nè yo anndan kra n tèt la. Nè yo fonksyone yon sèl kou. Sa ki lakòz malad la fè kriz. Moun ka gen epilèpsi, si li soufri maladi sifilis, paske mikwòb sifilis la fè dega nan sèvo moun lan.

Moun lan ka gen kriz epilèpsi, si l ap soufri ak dan fè mal, si l gen kari dantè sa ki lakòz twoub nan nè yo. Moun ka soufri epilèpsi, si li resevwa yon chòk kèlkonk nan tèt li.

Pou nou fè trètman moun ki soufri maladi epilèpsi a, nou dwe konnen ki sa ki lakòz kriz la deklanche sou moun lan. Lè moun nan ki soufri epilèpsi a, nou dwe mennen l kay yon psikològ pou chèche konnen si li gen yon psikoz ou byen yon maladi nan lèspri.

Si kriz la grav ak moun lan, travayè sante ap bay li trankilizan pou l kalme. Si epilepsi a pa twò grav, nou ka itilize plant medisinal sayo pou konplete trètman medikal la.

NAVÈ: Bouyi navè yo. Sèvi ak dlo a pou w lave pye ak men w, kont kriz epilèpsi a.

ZONYON: Koupe zonyon yo tou won. Moun ki soufri maladi epilèpsi a, ap rèspire lodè zonyon yo.

ZORANJ SI:  Lave 20 gram rasin zoranj si, pou chak lit dlo bouyi tou cho, kite l tranpe, sikre l. Bwè enfizyon sa kont kriz epilèpsi a

BÈTRAV, KAWÒT, KÒKONM, ZEPINA, PÈSI : Lave fèy yo pwòp, pile yo pou w pran ji a. Melanje ji a konsa pou moun ki soufri epilèpsi a : 3 ka vè ji kawòt ak yon ka vè ji zepina, pou malad la bwè.

Ou byen, : yon tyè vè ji kawòt, ji zepina, yon tyè vè ji seleri, ak 2 gwo kiyè ji pèsi, pou moun ki soufri epilèpsi a bwè.

Malad la ka pran yon tyè vè ji zepina ak yon tyè vè ji kòkonm, li byen melanje yo pou l bwè. Men, malad la ka fè trètman ak ji yo, san l pa melanje yo.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 

 

 




 
Moso listwa Dayiti