MALKADI (OU BYEN EPILEPSI)
Li preferab pou nou di maladi epilepsi olye nou di malkadi, paske nan peyi nou, yo konsidere malkadi tankou yon maladi lawont, yon maladi malediksyon, yon maladi lezòm.
KISA MALADI EPILEPSI A YE?
Maladi epilepsi, se yon maladi nè ki andedan tèt la. Se gras nè yo ki reprezante tankou anpil ti fil kouran andedan tèt la, ki pèmèt nou fè mouvman, pale, manje, reflechi. Men, chak nè aji selon yon lòd ki soti nan sèvo a. Lè moun lan gen kriz epilepsi, plizyè nè aji ansanm san kontwòl, yon sèl kou; sa lakòz plizyè mouvman kò a yon sèl kou. Maladi epilepsi, se pa yon maladi lezòm.
KI KALITE MOUN KI KAPAB SOUFRI MALADI EPILEPSI?
Maladi epilepsi ka rantre sou nenpòt moun, ti moun tankou gran moun, fanm tankou gason. Se konsa, gen plizyè fòm maladi epilepsi: gen fòm espesyal pou ti moun, ak fòm espesyal pou gran moun.
KI SA KI KA LAKÒZ MOUN SOUFRI MALADI EPILEPSI?
Gen epilepsi ki soti nan ras, nan zansèt yo; men, pifò nan tout fòm maladi epilepsi yo jwenn orijin yo, swa akòz yon lòt maladi andedan tèt la, swa akòz lòt maladi nan rès kò a.
Maladi nan tèt ki ka lakòz moun soufri maladi epilepsi, se: si moun lan te domaje nan tèt pandan akouchman, ou byen si l te tonbe sou tèt, pa egzanp si l te pran so kabann lè l te piti; si moun la gen kansè nan tèt, si moun lan fè enfeksyon, absè andedan tèt, si moun lan soufri maladi tansyon twò wo.
Maladi nan rès kò a ki ka fè moun soufri maladi epilepsi, se: si moun lan malad nan ren; si se fanm ki fè kriz eklanpsi, si moun lan pa jwenn kont lè pou l respire, si moun lan ap respire anpil lafimen , si moun lan manke kèk vitamin, si li pa manje manje ki byen balanse, si moun lan bwè anpil gwòg ou byen renmèd san kontwòl, san preskripsyon travayè sante. Pafwa kriz epilepsi a konn deklare paske moun lan ap gade televizyon ou byen si l ap koute radyo twò fò. Pafwa, se kèk bagay moun lan santi, ou byen yon bagay l ap manje ki fè kriz epilepsi a deklare.
KI SIY AK KI SENTÒM KI KA FÈ N SISPÈK YON MOUN GEN KRIZ EPILEPSI?
Pafwa, moun lan konn konnen lè l pral malad, lè l pral gen kriz epilepsi a. Pa egzanp, nou ka wè zye moun lan ap tounen lanvè, tèt ak kou li ap vire sou kote. Moun lan konn santi kò l ap pike l, kò a lou, li santi cho ou byen frèt, li santi kò l ap defòme. Moun lan konn rete l ap mache bouch li san l pa gen anyen andedan bouch li, ou byen l ap fè konmsi l ap santi yon bagay. Pafwa, malad la konn santi l prèske endispoze. Lè moun lan fin gen kriz epilepsi a, li ka menm vin avèg ou byen li ka vin paralize nèt.
Gen kriz epilepsi lakay ti moun, yo rele ti mal, gen kriz epilepsi lakay gran moun, yo rele gran mal.
Ti mal, ou byen ti kriz epilepsi a konn parèt lakay ti moun lan lè l gen gwo lafyèv akòz yon enfeksyon nan zòrèy, nan gòj. Lè sa a, tout kò l ap fè gwo soukous, zye l tounen lanvè, li pèd konesans. Gen lòt fòm epilepsi lakay ti moun kote li pa gen gwo soukous, men nou ka wè ti moun lan ap fè ti mouvman ak bouch li tankou se moun k ap fè grimas, l ap fè ti tenyen zye l tanzantan, li konn tonbe, enpi toulede men l ap fè ti soukous.
Lakay gran moun, gran mal la prezante konsa: pandan malad la te kanpe, li tonbe, li fè yon ti kout rèl pandan l ap tonbe. Tout kò l ap fè gwo soukous, kò a rèd, 2 men l byen fèmen ak dwèt pous yo andedan men yo. Malad la sispann rale souf pandan yon ti bout tan, sa ki fè l vin chanje koulè, li vin tou ble. Apre kèk segond, li rale yon gwo souf ki soti nan gòj li ak gwo soukous, krache tchim, ki konn gen ti tras san ladan soti nan bouch li, paske pafwa li konn mòde lang li. Pandan kriz la, malad la konn pipi ou byen poupou sou li; gen gason epileptik ki konn ejakile pandan kriz epilepsi a. Gwo soukous yo konn dire prèske 2 minit. Apre sa, malad la rale souf byen fò, tout kò l mòlòlò, tankou se moun k ap dòmi. Malad la ka rete konsa pandan plizyè èdtan anvan l revni. Pafwa, kriz la konn reprann menm pandan l ponkò revni. Lè malad la revni, li wè plizyè moun antoure l, li pa konnen anyen ki sot pase, se di yo di l, li te malad, ou byen se wè li wè kò l blese, kò l gen kòkonm akòz li mal tonbe.
PREKOSYON POU MOUN KI SOUFRI MALADI EPILEPSI
Gen bonjan trètman kont maladi epilepsi nan dispansè ak lopital. Denpi ti moun gen lafyèv, fè konprès ak dlo frèt pou li, enpi mennen l konsilte. Pa kite ti moun piti ki ka woule dòmi sou gwo kabann pou yo pa tonbe sou tèt; si yon moun soufri maladi tansyon li dwe evite manje twòp disèl, li dwe bwè renmèd yo preskri l ak kontwòl. Pa fimen, pa bwè klèren, pa bwè renmèd yo pa preskri w, pa gade televizyon, pa jwe radyo twò fò.
Lè kriz epilepsi a pral pran malad la, nou dwe fè jefò gentan kenbe l pou l pa pran move so ki ka lakòz gwo blese ak zo kase. Nou pa dwe pè kenbe malad la, paske maladi epilepsi, se pa yon maladi atrapan. Nou dwe gentan mete yon moso twal pwòp andedan bouch malad la, dekwa pou l pa mòde lang li.
Mezanmi, maladi pa gen klaksòn, jodya se li ki malad, demen se wou ou byen yon fanmiy ou. Pataje konesans ou genyen sou zafè maladi ak prekosyon nou dwe pran pou n evite maladi. Paske, pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a. |