SEFÒM
SEKSYON FÒMASYON DISPANSÈ DOKTÈ W. POLIKAP
KATYEMOREN GALMAN DIPLA
TEL: 559-5635 / 553-4431 / 553-4838
________________________________________________________
Katyemoren, Galman Dipla, 12 janvye 2004
Soti nan Komite Ekzekitif Kowòdinasyon Fòmatè SEFÒM
Pou: Fòmatè ak Komite lokal SEFÒM
Objè: Envitasyon
Byen chè fòmatè ak manb komite lokal SEFÒM,
Nan dat 13 desanm 2003, gran asanble jeneral SEFÒM te reyini ak 35 komite lokal ak komite ekzekitif kowòdinasyon fòmatè SEFÒM, pou mete kanpe federasyon komite lokal SEFÒM.
Nan travay atelye ki te reyalize, patisipan yo pwopoze fòmasyon yon komite ekzekitif federasyon komite lokal SEFÒM yo, selon prensip 2 reprezantan pou chak komite lokal. Komite ekzekitif sa, ta dwe reyini pou defini wòl li, fonksyon chak manb nan komite a, dire manda l, ak mwayen pou l fonksyone.
Nan sans sa, komite ekzekitif kowòdinasyon Fòmatè SEFÒM lan, mande chak komite lokal SEFÒM voye pwopozisyon sou fonksyònman federasyon an, ak 2 delege, vin patisipe nan yon rankont k ap fèt nan dat samdi 24 janvye 2004, a 10 zè nan maten, nan dispansè doktè W. Polikap. 2 delege sayo ap tou fè pati komite ekzekitif federasyon komite lokal SEFÒM lan.
Nan pwogram rankont la, genyen:
1- Apèl nominal
2- Detèmine aktivite, wòl komite ekzekitif federasyon an
3- Defini fonksyon chak manb nan komite ekzekitif federasyon an
4- Detèmine dire manda ak mwayen pou komite ekzekitif la fonksyone
5- Rapousuiv seminè fòmasyon pou jounalis korespondan radyo
6- Diskite posiblite pou chak delege gen mayo SEFÒM pou idantifye yo
7- Manje
Nou konte sou prezans ak patisipasyon reprezantan tout komite lokal SEFÒM yo. |