SEFÒM
SEKSYON FÒMASYON DISPANSÈ DOKTÈ W. POLIKAP
KATYEMOREN, GALMAN DIPLA, TEL: 559-5635/ 553-4431/553-4838
_______________________________________________________
Soti nan KOMITE EKZEKITIF KOWÒDINASYON FÒMATÈ SEFÒM
POU:
Objè: Envitasyon nan Eleksyon Kowòdonatè SEFÒM ak nan fèt anyèl SEFÒM
Byen chè Fòmatè,
Atik 52 estati ak regleman entèn kowòdinasyon SEFÒM lan di konsa: chak 2 lane, komisyon elèktoral la òganize eleksyon jeneral pou renouvle komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM lan...
Aktyèl komite ekzekitif la, ki gen manda l bout, deja prezante demisyon l ak yon rapò bilan detaye sou aktivite l, sou pwojè ak pwogram li te genyen. Rapò sa disponib nan biwo SEFÒM lan.
Savledi, chak fòmatè ki ta swete pote patisipasyon l nan vin dirije SEFÒM lan, dwe pase nan eleksyon devan asanble jeneral fòmatè SEFÒM, pou l gen tit kowòdonatè SEFÒM, manb komite ekzekitif kowòdinasyon fòmatè SEFÒM.
Pou tout fòmatè ki ta swete prezante kandidati yo, nou voye yon ekstrè estati a, ki bay kondisyon pou yon fòmatè vin manb komite ekzekitif la ak pwosesis eleksyon nan kowòdinasyon an.
Dapre kèk regleman entèn ki elabore, akòz reta ki akimile nan preparasyon eleksyon yo, chak fòmatè kandida dwe retni pwen sila yo:
1- Depo kandidati yo kapab fèt nan chòp ATP site lesko okap, ou byen nan biwo SEFÒM galman dipla.
2- Dat limit pou depo kandidati yo, se samdi 17 avril 2004 a minui. Non chak fòmatè kandida ap afiche nan biwo SEFÒM, nan dispansè a, nan sal kou lekomèk, ak nan oditoryòm radyo atlantik.
3- Eleksyon an fèt sèlman pou pòs kowòdonatè jeneral. Se kowòdonatè jeneral la ki konplete katèl li ak 10 lòt fòmatè, selon atik 14 ak atik 15 estati a.
4- Chak kandida ap depoze kandidati l ansanm ak non tout fòmatè ki konstitiye katèl li.
5- Se sèlman fòmatè k ap fè fòmasyon ki gen otorizasyon prezante kandidati yo.
6- Eleksyon an ap òganize nan dat samdi 24 avril 2004 a 2 zè nan apremidi, nan dispansè doktè W. Polikap, galman dipla, katyemoren.
7- Chak kandida pou pòs kowòdonatè jeneral, dwe pase nan biwo SEFÒM pou yo pran konesans sou estati kowòdinasyon an.
8- Kanpay chak kandida pou pòs kowòdonatè jeneral kòmanse menm jou apre depo kandidati yo, pou l bout nan dat 23 avril 2004.
Nan kad eleksyon an, manb komite lokal SEFÒM ki te enskri pou fè pati komisyon elektoral la, dwe prezan nan dat 24 avril 2004 la, pou yo patisipe nan dewoulman pwosesis elèktoral la.
Komite ekzekitif federasyon SEFÒM lan te pwopoze pou chak manb komite a, ou byen menm chak patisipan SEFÒM, ta dwe gen yon mayo SEFÒM pou yo mete lè y ap vini nan aktivite SEFÒM. Se yon desizyon ki kòrèk. Nan sans sa, komite ekzekitif kowòdinasyon fòmatè SEFÒM lan konsanti depans pou mete mayo yo disponib apati dat twazyèm semèn mwa mas 2004 la, nan dispansè doktè W. Polikap ak nan chòp ATP, site lesko okap. Kotizasyon pou chak mayo repati konsa:
1- Fòmatè SEFÒM: 75 goud
2- Manb komite lokal SEFÒM: 100 goud
3- Patisipan SEFÒM ak lòt moun ki resevwa fòmasyon nan SEFÒM: 150 goud
4- Moun ki ponkò resevwa fòmasyon nan SEFÒM: 175 goud
Komite ekzekitif fòmatè SEFÒM pwopoze pou chak patisipan SEFÒM mete mayo SEFÒM yo kòm inifòm nan okazyon seremoni renmèt sètifika Patisipasyon nan SEFÒM premyè etap.
Atansyon: Nou enfòme tout fòmatè, gen 2 tèks ki fè pati senkyèm egzamen SEFÒM: “Fanm ansent: Atansyon pa kapon” ak “Filaryoz”. Genyen feyè disponib pou chak tèks sayo.
Dapre estati kowòdinasyon SEFÒM lan, chak dènye semèn mwa mas konsakre kòm fèt tout Sefòmis an jeneral. Se moman pou tout moun ki resevwa fòmasyon nan SEFÒM, ansanm ak paran ak zanmi Sefòmis reyini. Mwa mas 2004, sa fè 10 lane denpi fòmatè SEFÒM ap transmèt konesans medikal atravè peyi dayiti. Nan sans sa, komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM lan deklare jounen samdi 24 avril 2004 la: “JOUNEN SEFÒM” Nan okazyon “JOUNEN SEFÒM” lan, tout SEFÒMIS, ECAMEQIS, LEKOMEKIS, envite pou yo vin patisipe nan yon premye pati kote nou pral asiste eleksyon nouvo komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM ki pral pran fonksyon pou dirije SEFÒM lan, pandan 2 lane, rive lane 2006. Nouvo komite SEFÒM lan pra l ekzpoze pwogram li genyen pou l reyalize pandan 2 lane manda l la. Ansuit, yon pati kiltirèl. Apre tout patisipan ak envite yo fin manje, yon sware dansan jouk li jou, denome “SAMDI SEFÒM” ap gaye nan oditoryòm radyo atlantik. Detay pwogram lan ap pibliye nan radyo atlantik. Enpi, tout aktivite yo ap filme, anpil foto pral fèt, pou listwa SEFÒM lan toujou rete vivan.
Nou toujou kontinye konte sou konpreyansyon ak kolaborasyon tout vanyan fòmatè SEFÒM.
CHAK FÒMATÈ SEFÒM, SE LIMYÈ POU KOMINOTE A....
FÒMATÈ SEFÒM, nou p ap kanpe nan wout, paske n ponkò rive... |