Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Sefòm: Envitasyon nan reveyon SEFÒM

SEFÒM: SEKSYONFÒMASYON

Dispansè Doktè W. Polikap, Katyemoren, Galman Dipla B.P. # 184 Okap Ayisyen
Telefòn: 559-5635 / 553-4431 / 553-4838 / 708-8921 / 786-623-4695
E-mail: docteurwpolycarpe@yahoo.fr /  E-mail: sefom1994@yahoo.fr
Sit Entènèt :  www.atlantikhaiti.com

Soti nan Komite Egzekitif Kowòdinasyon  Fòmatè SEFÒM

Pou Fòmatè,

Rezon : Envitasyon nan reveyon SEFÒM

Byen chè fòmatè

              Komite kowòdinasyon SEFÒM ap òganize yon gran reveyon nan dat samdi 22 desanm 2007, nan Oditoryòm Radyo Atlantik, galman dipla, katyemoren, soti 7 tè nan aswè, pou rive jouk li jou.Chak patisipan nan reveyon an, ap bay yon ti kotizasyon 150 goud.

Sefòmis ki gen otorizasyon patisipe nan reveyon SEFÒM lan, se sèlman fòmatè SEFÒM, ansyen, ak nouvo patisipan SEFÒM. Senpatizan ou byen pwòch paran sefòmis kapab patisipe, sèlman ak otorizasyon èspesyal kowòdinasyon an. Kontakte biwo SEFÒM lan, pou plis presizyon.

Ou kapab peye frè patisipasyon w, swa nan biwo SEFÒM nan dispansè a, swa nan chòp AT.P. site lesko, swa nan men tout kowòdonatè yo.

Dènye delè pou w peye kotizasyon w, se lendi 17 desanm 2007 a minui.

NB: Yon gwo bouyon kiltirèl ap kòmanse pwogram lan, gras talan tout fòmatè ak tout patisipan SEFÒM, ki dwe voye pou pita nan dat 17 desanm 2007, lis aktivite yo konte prezante tankou dans, poezi, ti pyès teyat, blag ak lòt ankò.

Anpil prim pral distribiye, enpi se plezi, siye pye èspesyal, manje ak bwè vant deboutonnen tout lannuit jouk li jou. Lè pwogram lan kòmanse, pòtay ap fèmen, moun p ap rantre ni soti.

Enpi, pa bliye, pral gen gran tiraj SEFÒM, kote ak grenn 25 goud moun ki mize kapab genyen : radyo kasèt-CD dènye modèl, blenndè, plizyè telefòn tou aktive, ak anpil prim konsolasyon. Sefòmis ki rive distribiye plis tikè gran tiraj SEFÒM lan, ap resevwa yon gwo prim..

Tout moun gen dwa achte tikè gran tiraj SEFÒM lan… Tiraj la ap retransmèt an dirèk, sou ond Radyo Atlantik, ak sou sit : www.atlantikhaiti.com

Reveyon SEFÒM, se reveyon tout ansyen ak nouvo sefòmis. Se fèt pou tout gran fanmiy SEFÒM lan. 

SEFÒM SE POU MWEN, SEFÒM SE POU WOU, SEFÒM SE POU NOU TOUT


 

 

Moso listwa Dayiti