Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Enfeksyon ak klamidya

MALADI ENFEKSYON AK KLAMIDYA

KI SA MALADI ENFEKSYON AK KLAMIDYA A YE?
Se yon enfeksyon grav moun trape nan sèks akòz yon mikwòb ki kapab atake plizyè pati nan kò moun tankou: sèks, zye, poumon, zòrèy, trip ak lòt ankò.
Pami tout enfeksyon moun ka trape nan sèks, se enfeksyon ak klamidya ki vini an premye. Lè mikwòb maladi a rantre sou moun, nan sèlman 2 jou, li gentan kale pitit. Sikl repwodiksyon mikwòb klamidya a, se 48 èdtan.

KIJAN MOUN KA TRAPE MALADI ENFEKSYON AK KLAMIDYA?
Moun trape maladi a lè yo rantre nan relasyon seksyèl ak lòt moun ki deja gen mikwòb la nan sèks yo.
Menm jan ak tout lòt maladi moun ka trape nan sèks, se pi souvan jèn moun, si se fanm ki gen plizyè gason, si se gason ki gen plizyè fanm, ak bouzen ki pi ekspoze pou trape maladi a.
Lòt fason moun ka trape maladi a ankò, se lè fanm ansent ki soufri maladi a ap akouche, pandan ti bebe a ap pase nan vajen fanm lan, ti bebe a tou trape maladi a nan zye l. Ti bebe sa ka vin soufri maladi konjonktivit neyonatal, kivledi enfeksyon nan zye ti bebe ki fenk fèt.

KI SIY AK KI SENTOM KI KA PÈMÈT NOU SISPÈK YON MOUN SOUFRI MALADI ENFEKSYON AK KLAMIDYA?
Maladi a pa prezante menm jan lakay fanm ak gason, lakay ti bebe.

Lakay gason:
Kanal gason an anfle, kanal li grate l, lè l pipi li brile l, enpi li gen lekore, kivledi yon ti dlo ap koule soti nan peni an.

Lakay fanm:
Kanal fanm lan anfle, li grate l, li gen lekore, lè l pipi, li brile l; tout andedan vajen ak iteris fanm lan gen enflamasyon. Enflamasyon an kapab bouche tout pasay nan iteris fanm lan. Sa ka lakòz fanm sa vin èsteril, kivledi li pa ka ansent, li pa ka fè pitit, paske si pasay yo bouche, espèmatozoyid gason an p ap janm ka rankontre ak ovil fanm lan.
 
Lakay fanm ak gason:
Mikwòb la lakòz gwo boul leve nan sèks gason ak fanm ki soufri maladi a, enpi boul sayo kapab fouye tankou yon plè. Boul kapab leve nan zye malad yo, enpi yo kapab soufri maladi konjonktivit tou. Konjonktivit vledi, enflamasyon konjonktiv yo. Konjonktiv, se yon ti vwal fen ki pwoteje zye yo. Lè mikwòb la rantre nan zye yo, li lakòz konjonktiv yo anfle, yo bay pij, yo anfle, yo brile, yo grate zye yo.
Pafwa, mikwòb klamidya a, konn atake twou dèyè malad la. Sa lakòz twou dèyè a gen enflamasyon ak pij.

Lakay ti bebe:
Pi souvan, se nan zye, nan poumon ak nan zòrèy ti bebe a mikwòb klamidya a gaye. Sa pral lakòz ti bebe a soufri maladi konjonktivit, maladi nemoni, kivledi enfeksyon nan poumon, ak maladi otit, kivledi enfeksyon ak enflamasyon ak pij andedan zòrèy.

PREKOSYON KONT MALADI ENFEKSYON AK KLAMIDYA
Yon fanm pou yon gason; yon gason pou yon fanm.
Si w pral nan relasyon seksyèl ak moun ou pa byen konnen, ou byen ak moun ou sispèk ki ka gen plizyè patnè, gason an dwe mete kapòt.
Si yon fanm ou byen yon gason soufri maladi a, li dwe al konsilte, enpi, tout lòt moun li abitye ale nan relasyon seksyèl ak yo, dwe pran trètman menm jan ak li.
Maladi enfeksyon ak klamidya fè plis dega andedan vil pase andeyò vil. Gen plis ka maladi a nan peryòd tan cho pase nan tan frèt.
Fanm ki soufri maladi a ka gen difikilte pou l ansent, paske enflamasyon akòz mikwòb la, kapab bouche tout tiyo aparèy jenital fanm lan. Fanm ansent ki gen mikwòb la, ka fè foskouch, avòtman, kivledi move afè. Savledi  gason tankou fanm, sitou fanm ansent dwe toujou konsilte, enpi suiv konsèy ak trètman travayè sante. Lè n suiv konsèy travayè sante ak konsèy fòmatè sefòm, se patisipasyon nou nan fè maladi rekile. Lè maladi rekile, se avantaj pou chak moun, pou fanmiy nou ak pou tout kominote a.

 

 

 

 

 

 

Moso listwa Dayiti