Emowoyid : Se yon maladi kote vèn nan twou dèyè a dilate. Moun ka fè emowoyid tou, si venn denyè bout gwo entesten an dilate.
Lè sa, moun lan santi twou dèyè l ap bwile l, li santi demanjezon nan anis li, li santi anis li ap lanse l. Moun ki fè emowoyid konn poupou san.
Moun ka gen emowoyid si li fè ipètansyon nan venn twou dèyè yo, moun lan ka fè emowoyid tou si l ansent, si li soufri maladi nan fwa. Si moun fè atoni sfenktè anal, li ka gen emowoyid. Atoni sfenktè anal savledi, twou dèyè a manke fòs pou l fè louvri pou moun lan poupou enpi li manke fòs tou lè pou l fèmen. Moun ka fè emowoyid tou si twou dèyè a anfle.
Se souvan granmoun ki soufri maladi emowoyid la. Bagay ki deklanche emowoyid la se konstipasyon, kivledi maladi paka poupou ; si moun lan ap mennen yon lavi sedantè li ka fè emowoyid la tou.
Lavi sedantè savledi moun lan plis fè travay chita, li pa fè deplasman. Lè moun pran renmèd nan twou dèyè a, trètman sa pa twò efikas. Li pi bon pou moun lan fè yon trètman jeneral, enpi lè sa moun lan ap manje manje ki pa gen twòp risk pou konstipe l ni irite l.
Manje moun ki soufri emowoyid la pa dwe gen twòp sèl, nan manje a dwe gen anpil legim kri ak legim vèt.
Nou ka itilize plant medisinal sayo pou nou jwenn rezilta
Lay : Nou vale 3 gous lay enpi nou vale yon kiyè siwo myèl maten anvan nou manje.
Zanmann : Lave rasin ak ekòs zanmann lan bouyi yo nan dlo pwòp lave twou dèyè w ak dite a.
Berejèn : Lave fèy berejèn yo, bouyi yo, pile yo pou w mete kòm konprès sou dèyè w.
Baledou : Lave fèy bale dou yo, pile yo ; melanje yo ak vazlin ; mete pomad la sou twou dèyè w pou w konbat emowoyid la.
Bwadòm : Lave fèy bwadòm, fè yon dite pou w bwè tankou tizan pou w konbat emowoyid la.
Katalpa : Lave fèy yo, mete yo tranpe nan dlo bouyi frèt pou w pran yon mestin kont emowoyid la.
Kachiman : lave 3 moso ekòs kachiman. Tranpe yo nan yon lit dlo pou nou pran yon lavman. Nou ka itilize dlo kachiman an tou pou nou lave anis la.
Zepina : Bouyi zepina pou nou manje, nou ka prepare soup ak li tou pou nou manje pou konbat emowoyid la.
Gomye blan : Pran grenn plant la, pou w fè yon dite. Moun ki fè emowoyid la itilize l tyèd pou l lave twou dèyè a.
Mang: Kase nwayo mang la, pran nannan blanch la. Mete l bouyi pandan 15 minit bwè dite a tankou tiza n tout jounen.
Zonyon : Lave yon zonyon, graje l enpi melanje l ak bè fre pou w pase sou emowoyid la.
Powo : Bouyi douz (12) powo nan 6 ou byen 8 lit dlo. Moun ki fè emowoyid la ap sèvi ak dite sa pou l lave emowoyid la pandan 2 fwa nan jounen an. Li sèvi ak dite a cho fason li ka sipòte pandan 8 jou.
Pòm pwason : Lave fèy ak fui pòm pwazon yo pou w fè yon dite. Se ak dite sa pou w lave emowoyid la.
Rakèt san pikan : Lave rakèt plat la, kale l pou w pran nannan an pou w tranpe l nan yon dlo tyèd 30 degre sentigrad. Se ak li pou w lave emowoyid.
Kawòt, navè, kreson, fèy zepina, seleri, pèsi :
Moun lan prepare ji fèy sayo konsa lè l fin lave enpi graje ou byen pile plant yo
3 ka ji kawòt
1 ka ji zepina pou l bwè maten anvan l manje
Ou byen li pran :
Yon ka ji kawòt yon ka ji zepina
Yon ka ji kreson
Yon ka ji navè pou l bwè maten anvan l manje
Ou byen li pran:
Yon tyè ji kawòt
Yon tyè ji seleri
Yon tyè ji zepina
Ak 2 gwo kiyè ji pèsi pou l bwè maten anvan l manje pou l konbat emowoyid la.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|