MALADI EKLANPSI
Eklanpsi, se yon maladi ki touche fanm sèlman. Kriz eklanpsi sanble ak maladi epilepsi, men eklanpsi pa menm maladi ak epilepsi.
KISA MALADI EKLANPSI A YE?
Se yon maladi kriz nè, ki parèt lakay fanm ansent ki prèt pou akouche, nan dezyèm trimès, kivledi depase laj 6 mwa gwosès; kriz eklanpsi a kapab parèt pandan akouchman an, pandan delivrans la, kivledi pandan plasenta a ap soti, ou byen kriz la kapab parèt pou pi plis 2 jou apre akouchman an.
KISA KI KA LAKÒZ YON FANM ANSENT GEN KRIZ EKLANPSI?
Bagay ki ka lakòz kriz eklanpsi deklare yon fanm ansent, se gwo tan frèt, fatig, si li pa byen manje, si vant li gen pitit jimo, si l gen idramnyòs, kivledi dlo likid amnyotik k ap benyen pitit andedan iteris la twòp. Fanm ansent ki soufri maladi tansyon twò wo, ou byen ki soufri maladi nan ren, kapab gen kriz eklanpsi.
KI SIY AK KI SENTOM KI KA FÈ N SISPÈK YON FANM ANSENT PRAL FÈ KRIZ EKLANPSI?
Li enpòtan pou nou rekonèt siy ak sentòm sayo, dekwa pou n gentan mennen fanm ansent la nan lopital si se lakay li l ap akouche. Lè konsa, nou ka anpeche kriz la deklare, paske lè kriz sa pral rantre sou fanm ansent la, li konn santi tèt fè mal, li wè koukouy, si santi l pa wè nan yonn ou byen nan toulede zye l yo. Fanm ansent ki pral fè kriz eklanpsi santi l nève, li eksite, li gen lawouli, li pa ka dòmi, li santi l anvi vomi, li konn menm vomi. Sentòm ki pi enpòtan, se lè fanm ansent la di l santi gwo doulè san rete anba kè, doulè sa soti anba kè pou rive jis nan 2 bò anba zo kòt yo.
Lòt siy ki fè nou sispèk fanm ansent la ka fè kriz eklanpsi a, se lè fanm ansent la soufri maladi tansyon wo, se lè li pa ka pipi byen, kò l ak 2 pye l gen edèm, kivledi pye yo vin anfle prèt pou pete, enpi pipi fanm ansenet lan gen pwoteyin. Lè 3 siy sayo reyini: tansyon twò wo, edèm ou byen kò anfle ak pwoteyin nan pipi, nou di fanm lan soufri maladi pre- eklanpsi ou byen disgravidi.
KIJAN KRIZ EKLANPSI A PARÈT?
Kriz eklanpsi a kòmanse konsa: figi fanm lan ap fè ti mouvman li pa ka kòmande, men l ap fè ti soukous, apre sa, tout kò l vin rèd, 2 pye l rete byen tire, men l fèmen byen di, souf li koupe pou yon ti bout tan, zye l, bouch, kou ak tèt li ap vire yon bò, li konn gen san nan bouch li akòz li mòde lang li. Apre sa, tout kò fanm ansent la ap fè gwo soukous. Men, nan kriz eklanpsi a, se pa fasil pou fanm ansent la tonbe tankou nan kriz epilepsi a. Fanm ki fè kriz eklanpsi, pa pipi ni poupou sou li tankou sa konn rive nan kriz epilepsi.
Apre tout gwo soukous yo, kriz eklanpsi a fè ti sispann. Lè sa, fanm lan ap rale gwo souf tankou se moun k ap wonfle, menm si w souke l, menm si w zongle l, li p ap reveye anvan yon bon ti bout tan. Lè fanm lan reveye, li pa sonje anyen ki sot pase.
KI KONSEKANS KRIZ EKLANPSI KAPAB GENYEN SOU FANM ANSENT LA AK SOU PITIT KI ANDEDAN VANT LI A?
Pafwa, fanm ki fin fè kriz eklanpsi a ponkò menm fin reveye, yon lòt kriz repran l ankò.
Lè fanm fè kriz eklanpsi, sa konn fè l akouche ti bebe prematire, kivledi l akouche anvan lè l ta dwe akouche. Pafwa, pitit la konn mouri andedan vant la ou byen pandan akouchman an.
Si pitit la rive fèt vivan, li konn vin kokobe, pa ka kenbe kò l. Fanm lan konn fè emoraji nan tèt, kriz la konn fè l vin avèg, li konn anvi leve kouri, ap pale vye koze tankou moun ki fou. Lè fanm ansent ou byen fanm ki fenk sot akouche fè kriz eklanpsi, si li jwenn bon swayaj, li p ap gen okenn pwoblèm nan nouris. Men, si l vin ansent ankò, anpil prekosyon dwe pran pou l pa fè kriz ankò.
PREKOSYON POU FANM KI KA FÈ KRIZ EKLANPSI
Fanm ansent dwe toujou konsilte pou travayè sante kontwole si l pa soufri maladi tansyon wo. Fanm ansent pa dwe fè twò gwo travay lè prèt pou akouche. Fanm ansent dwe manje, manje ki byen balanse.
Nou dwe toujou siveye siy ak sentòm ki fè n sispèk fanm ansent ki prèt pou akouche a, ou byen fanm lan k ap akouche lakay li a, ou byen fanm lan ki fenk fin akouche a, pral fè kriz eklanpsi. Siveyans, paske pou maladi rekile, se wou menm ki dwe pouse l ak patisipasyon w. Lè w pouse maladi, ou pwoteje tèt ou, fanmiy ou ak tout kominote a. |