Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Maladi ak Renmèd Fèy Sou Atlantik: Dyare

Dyare: Sa vledi moun lan ap poupou dri, li poupou dlo, poupou a ka gen glè ak san, poupou a ka gen ma konsa tou li ka dlo nèt. Dyare se pa yon maladi. Dyare, se yon siy ki pèmèt nou sispèk moun lan gen yon maladi nan kò a. Gen plizyè maladi ki ka bay moun dyare.

Moun gen dyare si li gen pwoblèm nan lestomak, nan entèsten grèl kivledi nan ti trip yo. Moun lan ka gen dyare si li gen pwoblèm nan pankreyas la, li ka gen dyare si li gen  twoub nan sèvo. Lè moun gen dyare, li dwe ale nan dispansè ou byen nan lopital, pou l jwenn trètman, pou travayè sante dekouvri ki maladi ki lakoz dyare a.

Lè moun gen dyare, li dwe pran repo, li dwe manje, manje byen balanse, li dwe pwrn chabon, sèl bismit ak alimin. Moun ki gen dyare a ka pran bwason elikzi pou l fè konpletaj trètman medikal la. Plant medisinal nou ka itilize nan ka dyare, se:

Akoma: Lave ekòs tij ou byen rasin akoma a, mete l tranpe nan dlo fre. Bwè tizann lan tout jounen kont dyare a.

Zaboka: Lave yon grenn zaboka , graje l, mete l tranpe nan yon lit dlo bouyi, kite l tranpe . Lè l fwèt moun ki gen dyare ap bwè yon gwo tas nan enfizyon an.

Ayapana: Lave yon ponyen fèy ayapana, mete l bouyi. Moun ki gen dyare a ap bwè dekòksyon an tout jounen.

Bale dou, chyendan, Vèvenn: Pran yon pye nan chak plant sayo ak tout rasin, lave yo pwòp. Mete yo bouyi ak yon ponyen diri. Pran dlo a, lè l kuit, bay timoun ki gen dyare bwè dlo a.

Bwa dòm: Lave 30 gram bwa dòm pou chak lit dlo bouyi. Mete yon ti moso kann ladan l ak yon fèy leti. Moun ki gen dyare ap pran tizann lan tout jounen.

Datye: Lave fèy dat yo mete, yo bouyi nan dlo pwòp pou w fè yon dekòksyon. Moun ki gen dyare a ,ap pran l tankou lavman.

Jiwòf: Mete kèk klou jiwòf bouyi pou w fè yon dite . Moun ki gen dyare a, ap bwè anpil nan dite sa pandan jounen an.

Gwayav: Lave jèn fèy ak boujon gwayav, fwote yo, mete yo sou yon moso pen griye. Vide dlo ki fenk fin bouyi sou li. Bay moun ki gen dyare a tizann sa tout jounen an. Moun ki gen dyare a, ap lave jèn gwayav vèt enpi li manje yo.

Grenadin: Pran po grenadin, lave yo vide dlo ki fenk fin bouyi sou yo. Bay timoun ki gen dyare a tizann grenadin lan tout jounen.

Monben: Lave boujon monben ,mete yo bouyi . Lè dite a fret, moun ki gen dyare a, ap bwè l tout jounen.

Yèsken: Lave yon ponyen fèy yèsken pou w fè dite. Moun ki gen dyare a, ap bwè anpil nan dite a tout jounen.

Planten: Lave 20 gram fèy planten pou chak lit dlo k ap bouyi pou moun ki gen dyare a bwè tankou tizann tout jounen.

Planten: Lave yon ponyen fèy ak rasin planten, mete yo bouyi pandan yon kadè nan yon lit dlo pwòp .Moun ki gen dyare a, ap pran l tankou tizann tout jounen an.

Rezen: Lave tij ak rasin rezen an, mete l bouyi nan dlo pwòp. Moun ki gen dyare a, ap bwè l tankou tizann tout jounen an.

Diri: Pou chak lit dlo, mete 25 a 30 gram diri, mete l bouyi. Moun ki gen dyare a, ap bwè nan dlo diri a tout jounen.

Zikak: Mete rasin zikak la bouyi nan dlo, lè l fin byen lave l. Bwè l tankou tizann tout jounen.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.


 
Moso listwa Dayiti