Dyabèt se yon maladi ki prezante plizyè fason:
Dyabèt sikre: Nan fòm dyabèt sa, selil kò a pa itilize glikoz la, kivledi, sik kò a pa itilize kòm sa dwa, li rete kaye nan san, enpi glikoz la pase nan pipi. Se pousa, pipi moun ki soufri dyabèt sikre a toujou dous. Moun ki soufri dyabèt sikre a gen karans total ou byen karans pasyèl ensilin.
Ensilin se yon òmon yon òga n, yon gland ki rele pankreyas pwodi. Se gras òmon pankreyatik sa manje nou manje ki gen sik tankou bannann, patat ak lòt viv, yo rive dijere pou rantre nan san nou. Enben, lè nou gen karans ou byen mank òmon ki rele ensilin lan, ou byen si nou pa genyen l menm, se sa yo rele dyabèt sikre.
Dyabèt ensipid: Ensipid vledi li pa gen gou. Moun soufri dyabèt ensipid lè li gen pwobèm nan kò a ki anpeche dlo li bwè yo transfòme pou itil kò a. Nou ta ka di, moun lan gen twoub metabolism dlo. Sa ki pra l lakòz moun ki soufri dyabèt ensipid la bwè anpil dlo, li pipi anpil tou, li vin gen pririt vajinal, kivledi vajen grate. Moun soufri dyabèt ensipid lan, lakòz li manke òmo n antidiyiretik post-ipofizè. Wòl òmo n antidiyiretik yo, se pou kontwole fason nou dwe pipi. Lè moun gen pwoblèm òmo n sa yo, li pipi san kontwòl.
Sa ki pra l lakòz li toujou gen gran swaf, li pra l toujou anvi bwè dlo. Lè moun soufri maladi twòp sik la, li dwe toujou ale nan dispansè, nan lopital, pou l anpeche pi douvan, pwoblèm nan zye, nan ren ak nan veso sangen yo, ki se atè, kapiyè ak venn ki rèsponsab sikilasyon san an. Lè sa, travayè sante yo pra l bay malad la rejim pou l fè. Malad la ka itilize plant medisinal sayo k ap bay li bonjan rezilta.
Zannanna: Lave kèk zannanna vèt, graje yo, enpi mete yo tranpe nan yon dlo ki fenk fin bouyi. Moun ki soufri maladi twòp sik nan san an, ap pran renmèd sa yon tas chak jou pou jis li santi l nòmal.
Pistach: Lave 15 grenn pistach vèt, pile yo, mete yo tranpe nan yon bòl dlo ki fenk fin bouyi; kite l frèt, koule l pou moun lan ki soufri dyabèt lan bwè 4 bòl nan yon mwa konsa: premye jou-a li bwè yon bòl. Apre 2 jou, kivledi twazyèm jou a, li bwè yon lòt bòl lèt pistach. Onzyèm jou a, li bwè yon bòl. Enpi, obout 25 kyèm jou a, li bwè yon lòt bòl lèt pistach.
Zaboka ak bavadaj: Lave yon fèy bavadaj, mete yo nan yon bòl dlo ki fenk fin bouyi, kite yo tranpe. Moun ki soufri dyabèt la ap bwè li tankou tizan n tout jounen an. Pa sikre enfisyon an.
Bwa a enivwe: Lave 3 fèy bwa a enivwe pou w mete tranpe nan yon tas dlo ki fenk fin bouyi pou w bwè, premye jou-a ou mete 3 fèy, dezyèm jou a ou mete 4 fèy lave nan tas dlo a. W ap mete yon fèy anplis chak jou nan tas dlo a, jis ou rive sou 12 fèy douzyèm jou a, jis sik la bese nan san an.
Kayimit: Lave yon fèy kayimit pou w tranpe l nan yon tas dlo ki fenk fin bouyi pou malad la bwè 2 fwa pa jou. Chak jou nou mete yon fèy kayimit anplis, jis nou rive sou sèt jou nou mete 7 fèy kayimit nan dite a. Apre setyèm jou a, nou mete yon fèy anmwens pou nou retounen sou yon fèy pou yon tas dlo. Setyèm jou a, nou mete 6, sizyèm jou a nou mete 5 pou rive sou yon jou nou mete yon fèy.
Kokoye: Pran dlo yon kokoye, pire ji yon sitwon ladan l pou moun ki soufri dyabèt la bwè san sikre.
Yèsken, vèvenn karayib: Lave frui yèsken an, rache l, lave yon boujon vèvenn blanch, mete yo tranpe nan yon dlo ki fenk fin bouyi, pa sikre enfisyon-an, moun ki soufri dyabèt la bwè yon vè chak jou.
Pèvanch madagaska: Lave yon ponyen flè plant la. Mete l tranpe nan yon lit dlo ki fenk fin bouyi. Moun ki soufri dyabèt la ap bwè tiza n sa tout jounen an. Lòt fason nou ka itilize pèvanch madagaska a, nou lave 100 gram fèy plant la, mete l tranpe nan yon lit diven blan pandan 10 jou. Moun ki soufri dyabèt la pran 2 a 4 kiyè anvan l manje.
Pòm kanèl: Lave yon ponyen fèy pòm kanèl, mete yo nan yon lit dlo ki fenk fin bouyi pou moun ki soufri dyabèt la bwè tout jounen.
Pòm kajou: Lave 3 moso ekòs bwa pòm kajou a, tranpe l nan demi kola dlo. Moun ki soufri dyabèt la, ap bwè yon ti vè san sikre nan maserasyon an 3 fwa nan jounen an.
Sirèt kochon: Lave kèk fèy sirèt kochon, mete yo tranpe nan yon dlo ki fenk fin bouyi, pa sikre enfizyon an. Lè l fwèt moun ki soufri dyabèt la, ap bwè l tankou tiza n tout jounen an.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|