Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Sefòm: Dwa ak devwa fòmatè SEFÒM

REGLEMAN ENTÈN (VÈSYON 2007), KOWÒDINASYON  FÒMATÈ  SEFÒM

DWA AK DEVWAFÒMATÈ,  KOMITE EKZEKITIF KOWÒDINASYON AK  PATISIPAN  SEFÒM

REGLEMAN   ENTÈN

DWA AK DEVWA FÒMATÈ SEFÒM

Atik 1- Se sèl sefòmis ki reyisi egzamen final LEKOMÈK, ou byen ki gen omwen sètifika dezyèm etap SEFÒM, ki kapab gen tit fòmatè SEFÒM apati dat 31 jiyè 2004. Sepandan, tout fòmatè ki te deja fòmatè ap konsève tit yo. Tout nouvo fòmatè dwe sèmante devan asanble jeneral fòmatè.

SÈMAN FÒMATÈ SEFÒM : Mwen menm, fòmatè SEFÒM, mwen pran angajman apati jodi a, pou m toujou respèkte, enpi fè rèspèkte nan tout sikonstans:

a-  Tout prensip ki nan kòd deyontoloji ak etik medikal la

b-  Tout prensip ki nan estati ak regleman entèn kowòdinasyon SEFÒM lan

c-  Tout prensip ak regleman entèn dispansè a ki kreye SEFÒM lan.

Atik 2- Se fòmatè ki patisipe nan dènye seri resiklaj yo ki gen otorizasyon fè fòmasyon onon SEFÒM. Nan tout lòt sikonstans, fòmatè a kapab resevwa yon otorizasyon èspesyal nan direksyon dispansè a, ou byen nan Konsèy SAJ SEFÒM

Atik 3- Konsèy SAJ SEFÒM, se yon èstrikti entèmedyè ant direksyon dispansè a ak kowòdinasyon fòmatè SEFÒM, ki gen responsablite ankadre komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM, enpi konble tout pòs vakan nan komite egzekitif la, jouk rive nan elèksyon yon nouvo komite egzekitif.

Atik 5- Konsèy SAJ SEFÒM, konstitiye ak manb direksyon dispansè a, sitwayen ki kontribye anpil, materyèlman ak ideyolojikman nan epanouyisman SEFÒM, ansanm ak ansyen manb komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM, ki resevwa envitasyon ekri ki soti nan direksyon dispansè a. Manda manb Konsèy SAJ SEFÒM yo renouvlab chak lane. Konsèy SAJ SEFÒM lan reyini, sou konvokasyon direksyon dispansè a.

Atik 6- Yon fòmatè kapab pèdi tit fòmatè l, tit kowòdonatè l, tit konseye SAJ SEFÒM, si l genyen konpòtman ki kapab sal imaj SEFÒM lan, ou byen, si l pase plis pase 2 lane li pa patisipe nan okenn aktivite SEFÒM, san l pa avèti direksyon dispansè a ou byen Konsèy SAJ SEFÒM lan, si l patisipe nan nenpòt aktivite ki kapab sabote SEFÒM. Sefòmis k ap viv nan peyi letranje, konsève tit yo.

Atik 7- Si yon fòmatè pa patisioe nan okenn aktivite pandan yon seri fòmasyon, li p ap gen otorizasyon patisipe nan lòt seri resiklaj ki gen pou fèt. Si fòmatè a vle reyentegre, li dwe ekri yon lèt demand omwen yon mwa anvan resiklaj la kòmanse.

Atik 8- Si yon fòmatè gen rezon valab ki anpeche l fè fòmasyon, li dwe ekri komite ekzekitif kowòdinasyon an yon lèt avètisman.

Atik 9- Chak fòmatè ki monte yon baz SEFÒM dwe avèti komite ekzekitif kowòdinasyon an, omwen 8 jou avan fòmasyon an tanmen. Enpi, fòmatè a, ou byen ekip fòmatè a kapab voye yon nòt nan direksyon radyo atlantik, pou radyo a fè reklam mobilizasyon pou baz la. Mobilizasyon kapab fèt tou ak mwayen sikilè

Atik 10- Chak manb delegasyon SEFÒM k ap fè deplasman onon SEFÒM, dwe gen mayo SEFÒM sou li, ou byen l dwe gen badj idantifikasyon l.

Atik 11- Chak fòmatè dwe bay adrès, orè, baz  SEFÒM lan ap fonksyone.

Atik 12- Yon fòmatè dwe toujou respekte lè li fè fòmasyon.

Atik 13- Si yon fòmatè gen pwoblèm ki anpeche l al fè fòmasyon yon jou, li dwe avèti patisipan baz SEFÒM lan, omwen yon jou alavans, enpi li dwe voye yon mesaje nan baz la, menm jou a.

Atik 14- Si yon fòmatè gen pwoblèm ki anpeche l kontinye fè fòmasyon nan yon baz SEFÒM, li dwe chita ak komite ekzekitif kowòdinasyon an, pou pran yon desizyon apwopriye.

Atik 15- Chak fòmatè dwe akonpanye yon ansyen fòmatè, si l santi l gen difikilte pou l transmèt konesans yo. Enpi, yon baz SEFÒM pa dwe gen plis pase 3 fòmatè.

Atik 16- Chak fòmatè dwe enterese tout patisipan yo enskri nan KÈS POPILÈ LESPWA (KEPOL). Si yon patisipan pa manb KEPOL (Enskripsyon ak pa sosyal), li p ap gen otorizasyon enskri nan LEKÒL OKSILYÈ MEDIKAL NAN KATYEMOREN (LEKOMÈK) ki transmèt dezyèm etap fòmasyon nan SEFÒM.

Atik 17- Chak zòn kote baz SEFÒM tabli, fòmatè ak patisipan baz sa dwe kreye lòt aktivite pou ankadre popilasyon an, nan kolaborasyon ak komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM.

Atik 18- Pou chak egzamen SEFÒM premye etap, ki pral fèt, fòmatè baz la dwe avèti komite ekzekitif kowòdinasyon omwen 8 jou alavans. Aore dènye tès evalyasyon an, ak egzamen ratrapaj, chak fòmatè dwe voye nan biwo SEFÒM, lis  nòt patisipan yo pou chak tès, ak total nòt yo byen klase. Fòmatè chak baz dwe ede patisipan yo prepare seremoni renmèt sètifika SEFÒM, enpi transmèt pwotokòl ak tout tèks pwogram seremoni an, nan komite egzekitif Kowòdinasyon SEFÒM

Atik 19- Chak fòmatè dwe bay yon kotizasyon 75 goud chak mwa nan kès kowòdinasyon tout fòmatè SEFÒM, denpi nan dat mwa jiyè 2007. Tout fòmatè ki ponkò peye kotizasyon l, konsidere l dwe tout ane yo l pat peye denpi l te resevwa tit fòmatè. Si yon fòmatè pa kotize, l ap pèdi kèk privilèj nan fanmiy SEFÒM lan ak nan dispansè a.

Atik 20- Chak sefòmis ki gen sètifika SEFÒM dezyèm etap, si l pa fòmatè, li dwe bay yon kotizasyon semi-asirans maladi, 100 goud chak mwa nan administrasyon dispansè a. Mezi sa an vigè denpi mwa jiyè 2004. Tout fòmatè SEFÒM, ap kotize 50 goud semi-asirans maladi chak mwa nan administrasyon dispansè a, denpi mwa jiyè 2007, pou garanti privilèj yo nan dispansè a.

Atik 21- Chak sefòmis ki swete gen tit fòmatè pou premye fwa, dwe ekri yon lèt demand bay direksyon LEKOMÈK, omwen yon mwa avan resiklaj la kòmanse, enpi l dwe suiv yon seri fòmasyon espesyal pandan omwen 2 mwa.

Atik 22- Chak fòmatè k ap fè fòmasyon, dwe gen badj idantifikasyon l,  liv fòmatè l, ak yon kopi Regleman entèn SEFÒM.

Atik 23- Nan seri fòmasyon lane 2007-2008 la, chak fòmatè ap kotize 100 goud pou 2 fasikil (yon silabis tèks ak yon silabis sijè reflèksyon) fòmatè SEFÒM. Fòmatè ki p ap fè fòmasyon kapab kotize 200 goud pou 2 fasikil yo.

Atik 24- Chak 10 lane sèvis yon fòmatè, komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM anplas la dwe renmèt fòmatè sa yon sètifika onè emerit.

Atik 25- Tout fòmatè k ap fè fòmasyon, enpi ki deja fè 2 seri fòmasyon, kapab mande koreksyon nan sètifika dezyèm etap yo nan direksyon dispansè a. Koreksyon an ap pote sou dire fòmasyon an ak tit sefòmis la ki figire nan sètifika a.

Atik 26- Se sèl fòmatè k ap fè fòmasyon, ki gen privilèj fè prestasyon nan dispansè a.

Atik 27- Fòmatè chak baz SEFÒM dwe mete tout patisipan yo okouran tout atik regleman entèn SEFÒM. Enpi, fòmatè yo dwe toujou gen yon kopi Regleman entèn SEFÒM, lè yo deplase nan delegasyon onon SEFÒM.

Se sèlman lè fòmatè SEFÒM louvri baz li, li vin vrèman batize, enpi l merite tit fòmatè SEFÒM. Menm si baz la pa gen anpil moun, fòmatè SEFÒM, louvri baz ou. Anplis, fòmatè ki merite respè, enpi k ap travay tout bon vre pou SEFÒM lan grandi, se fòmatè ki peye kotizasyon mansyèl yo, se fòmatè ki peye kotizasyon semi-asirans

maladi nan dispansè a, se fòmatè ki pa rèskiyè, men ki kotize, enpi ki patisipe nan tout aktivite SEFÒM.

- Fòmatè SEFÒM, fòme lòt moun pou SÈTIFIKA SEFÒM ki nan men w lan gen plis valè..., pou w vin pi gran…..  Fòmatè SEFÒM, nou p ap kanpe nan wout, paske n ponkò rive... Chak fòmatè SEFÒM, se limyè ...

DWA AK DEVWA KOMITE EKZEKITIF KOWÒDINASYON SEFÒM

Atik 28- Komite ekzekitif kowòdinasyon an resevwa yon kotizasyon 1000 goud nan Dispansè doktè W. Polikap chak semèn, kòm frè patisipasyon nan tout depans kowòdinasyon an gen pou fè, pou pèmèt otonomi finansye SEFÒM lan.

Atik 29- Chak dènye madi nan chak mwa, komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM lan dwe redije yon rapò aktivite ak jesyon, selon atik 15 estati SEFÒM. Rapò sa dwe ekspedye nan Konsèy SAJ SEFÒM.

Atik 30- Nan premye rankont chak baz SEFÒM k ap louvri, dwe toujou gen yon delegasyon kowòdonatè prezan, ou byen manb komisyon responsab pou monte baz SEFÒM

Atik 31- Kowòdonatè yo dwe sipèvize, vizite baz SEFÒM yo regilyèman.

Atik 32- Chak seri fòmasyon SEFÒM kòmanse nan dat dènye resiklaj pou fòmatè, enpi l fini nan dat komite ekzekitif kowòdinasyon an fikse. Dat finisman chak seri fòmasyon ap kominike bay fòmatè yo nan lèt, nan vizit kowòdonatè yo, ak nan radyo.

Atik 33- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe òganize joune rekreyativ, joune fòmasyon ak refleksyon pou fòmatè SEFÒM chak dènye dimanch mwa oktòb.

Atik 34- Chak lane, komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe nome plizyè komisyon pami fòmatè yo, tankou: komisyon egzamen, komisyon restorasyon, komisyon sante, komisyon dekorasyon, komisyon jesyon, komisyon elèktoral ak lòt ankò...

Atik 35- Nan mwa mas ou byen avril chak lane, nan okazyon fèt SEFÒM, komisyon elèktoral SEFÒM, nan kolaborasyon ak direksyon dispansè a, òganize elèksyon ou byen plebisit yon nouvo komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM.

Atik 36- Chak madi apati 3 zè nan apremidi, nan biwo SEFÒM, ki nan dispansè doktè W. Polikap, galman dipla katyemoren, komite ekzekitif kowòdinasyon an reyini tout kowòdonatè yo pou diskite sou zafè SEFÒM, enpi l kapab resevwa envite tou. Yonn ou byen plizyè manb Konsèy SAJ SEFÒM, kapab asiste rankont komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM. Pwosevèbal chak rankont dwe ekspedye nan konsèy SAJ SEFÒM.

Atik 37- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe pwopoze yon bidjè fonksyònman chak lane. Enpi, tout pwopozisyon gran desizyon dwe soumèt nan Konsèy SAJ SEFÒM, pou apwobasyon anvan adòpsyon.

Atik 38- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe òganize asanble jeneral fòmatè chak lane pou bay rapò Sekretarya ak rapò Trezò-Administrasyon.

Atik 39- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe toujou prevwa yon koral SEFÒM, yon fanfa SEFÒM, plizyè lekòl primè, segondè, teknik ou byen siperyè, ak dispansè SEFÒM nan bidjè fonksyònman l.

Atik 40- Komite ekzekitif kowòdinasyon an, nan kolaborasyon ak direksyon dispansè a, dwe prepare ti fasikil renmèd fèy pou gaye konesans sou renmèd fèy nan mitan popilasyon an.

Atik 41- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe òganize reveyon SEFÒM chak lane, nan dènye ou byen avan dènye samdi mwa desanm.

Atik 42- Chak dènye samdi mwa septanm, kowòdinasyon an kapab òganize konkou dans, konkou poezi ak lòt.

Atik 43- Komite ekzekitif kowòdinasyon an dwe mete kanpe komisyon espesyal fòmatè, komisyon responsab pou monte baz SEFÒM, pou SEFÒM lan blayi nan omwen tout 19 komin depatman nò a, nan chak seri fòmasyon.

- Kowòdonatè SEFÒM ki gen sans responsablite, se Boujon amelyorasyon kondisyon sante popilasyon an...

DWA AK DEVWA PATISIPAN SEFÒM

Atik 44- Sefòmis, se patisipan SEFÒM, tout moun ki resevwa fòmasyon nan SEFÒM, ak tout dirijan SEFÒM

Atik 45- Si yon patisipan Sefòm gen konpòtman ki kapab sal imaj Sefòm lan, fòmatè baz la kapab sanksyone l. Si patisipan an pa nan baz Sefòm, komite ekzekitif kowòdinasyon an, direksyon dispansè a  kapab adòpte divès sanksyon kont patisipan sa.

Atik 46- Okenn patisipan pa gen otorizasyon devlope kontak dirèk ak komite ekzekitif kowòdinasyon an, pandan fòmasyon l, si l pa pase pa fòmatè baz la.

Atik 47- Chak baz SEFÒM dwe gen yon komite ki gen pou pi piti 5 patisipan, pou pi plis 11 moun. Si gen plis pase 5 patisipan nan komite lokal SEFÒM lan, pòs yo kapab double. Wòl manb yo nan komite lokal la, se: Animatè, Sekretè, Trezorye, Delege, Konseye. Patisipan baz la dwe kotize nan komite lokal la, pou reyalizasyon aktivite baz la.

Atik 48- Tout komite lokal yo reyini nan yon gran Federasyon komite lokal SEFÒM.

Atik 49- Tout ansyen manb komite lokal, toujou gen dwa patisipe aktivman nan nouvo komite lokal menm baz SEFÒM zòn lan.

Atik 50- Chak komite lokal SEFÒM dwe pran angajman ranmase regilyèman, enfòmasyon sou pwoblèm sante popilasyon an nan zòn lan, enpi komite a dwe transmèt enfòmasyon sayo bay komite ekzekitif kowòdinasyon an nan kolaborasyon ak fòmatè baz la.

Atik 51- Pou patisipan Sefòm  gen dwa resevwa  SÈTIFIKA PATISIPASYON SEFÒM, li dwe reyisi tout 5 egzamen yo ak yon mwayèn omwen 10 sou 20 pou chak egzamen. Enpi, patisipan an dwe bay nan komite egzekitif kowòdinasyon SEFÒM lan, yon kotizasyon  100 goud, pou frè SÈTIFIKA PATISIPASYON an.

Atik 52- Chak etidyan LEKOMÈK ki kalifye pou l resevwa sètifika dezyèm etap, ap bay yon kotizasyon 100 goud pou frè sètifika.

Atik 53- Patisipan Sefòm ki pa reyisi ou byen ki pa t konpoze nan 2 egzamen, gen dwa konpoze nan 2 egzamen sayo nan seri egzamen ratrapaj.

Atik 54- Tout fèy egzamen ki pa idantifye, konsidere kòm anile.

Atik 55- Tout patisipan k ap kopye nan egzamen, ou byen ki pa respèkte lè ki deside pou egzamen an bout, fèy li ap anile

Atik 56- Dire egzamen nan premye etap Sefòm kalkile selon nivo fòmasyon patisipan yo.

Atik 57- Chak patisipan dwe bay 25 goud kòm frè enskripsyon nan Sefòm premye ak dezyèm etap.

Atik 58- Fòmasyon nan Sefòm fèt gratis

Atik 59- Chak patisipan nan premye etap tankou nan LEKOMÈK dwe bay 10 goud pou chak egzamen, kòm frè egzamen

Atik 60- Patisipan premye etap, tankou nan egzamen final LEKOMÈK, ki pa reyisi nan yon egzamen ekri, ap bay yon frè 25 goud, pou chak egzamen ratrapaj.

Atik 61- Patisipan ki pa t konpoze nan yon egzamen, l ap bay yon frè 35 goud pou chak egzamen ratrapaj

Atik 62- Tout frè patisipan yo kotize pou enskripsyon, pou egzamen, pou sètifika patisipasyon, ak sètifika dezyèm etap, ap pase pa fòmatè baz Sefòm lan, pou l abouti nan kès komite ekzekitif kowòdinasyon SEFÒM, ki pran angajman fè tout depans  nan SEFÒM. Si kès kowòdinasyon an pa kapab reponn ak tout depans yo, li kapab prete, ou byen resevwa don.

Atik 63- Chak patisipan ki gen SÈTIFIKA PATISIPASYON SEFÒM, dwe reyisi egzamen oral  SEFÒM, ki bay li dwa enskri pou resevwa fòmasyon nan LEKOMÈK, sèlman nan menm ane a. Si l gen difikilte pou l resevwa fòmasyon nan LEKOMÈK menm ane a, li dwe pase yon lòt egzamen oral lè l deside rantre nan LEKOMÈK, selon modalite an vigè.

Atik 64- Si yon baz SEFÒM gen pou pi piti 30 patisipan, 3 patisipan yo ki loreya sou total 5 egzamen yo san ratrapaj, yo pa p pase egzamen oral, kivledi yo gen otorizasyon dofis pou yo enskri nan LEKOMÈK.

Atik 65- Si yon baz SEFÒM gen ant 20 ak 29 patisipan, 2 patisipan loreya sou total 5 egzamen yo, san ratrapaj, yo kalifye pou enskri nan LEKOMÈK  san yo pa pase egzamen oral.

Atik 66- Si yon baz SEFÒM gen ant 10 ak 19 patisipan, patisipan an ki loreya sou total 5 egzamen yo, kalifye pou l enskri nan LEKOMÈK, san l pa pase egzamen oral.

Atik 67- Chak patisipan Sefòm dwe enskri nan KÈS POPILÈ LESPWA (KEPOL). Se sèl patisipan manb KEPOL, ki enskri ak pa sosyal li, ak yon depo varyab sou yon kont bloke pou omwen 5 mwa nan KEPOL, ki kapab enskri nan LEKOMÈK.

Atik 68- Regleman entèn sa kapab amande, konplete, selon sikonstans.

SEFÒM SE POU WOU, SEFÒM SE POU MWEN, SEFÒM SE POU NOU TOUT.......

Patisipan SEFÒM jodi, Fòmatè SEFÒM demen.., Kowòdonatè SEFÒM apre-demen..., Konsèy SAJ SEFÒM pi lwen, se Lespwa.....

 

Novanm 2007 - Komite Ekzekitif Kowòdinasyon SEFÒM

 

 

Moso listwa Dayiti