Nan ka doulè abdominal, divès renmèd fèy kapab pote soulajman.
GRENADIN:
Pran po yon grenadin, pile l fen. Pran yon ti priz pou w tranpe nan lèt. Bwè yon tas nan renmèd la.
LYANN BRILAN:
Lave po grenadin, lave kèk boujon lyann brilan pou w fè yon ensifizyon nan yon tas dlo ki fenk fin bouyi .Bwè renmèd la anvan w manje.
MAYI:
Bouyi yon ponyen farin mayi nan yon ti dlo pou w bwè sou fòm krèm, tizan n ou byen labouyi. W ap bwè l, lè w santi vant fè mal la.
MANT VÈT:
Moun ki gen vant fè mal la, ap fè yon enfizyon ak mant vèt, li sikre l ak siwo myèl, pou l bwè chak fwa l fin manje.
Zoranj si:
Pile ekos zoranj si a pou w pran yon ti kiyè poud. Mete l tranpe pandan 20 ou byen 30 minit nan yon tas dlo. Moun ki gen vant fè mal la ap adousi yon tas somay pou l bwè anvan l manje 3 fwa pa jou.
Zoranj si ak Kowosòl:
Mete menm kantite flè 2 plant yo, mete siwo kann pou l dous, ajoute lanmidon sèch, koule l pou w bwè si w gen vant fèmal ak batman kè.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|