Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Maladi ak Renmèd Fèy Sou Atlantik: Doulè

Doulè se pa yon maladi. Se yon sentòm ki pèmèt nou sispèk kò a gen yon maladi ki pwovoke doulè a. Gen plizyè fòm doulè. Doulè a ka nan yon sèl pati nan kò a, konsa tou, li ka pran plizyè pati nan kò a. Lè moun gen doulè, yo konn bay li kèk medikaman analjezik ou byen medikaman anestezik.

Yon renmèd analjezik, se renmèd ki kalme doulè, men renmèd sa yo aji sou doulè a pou yon ti bout tan. Pou nou trete doulè a nou dwe ale nan rasin li pou trete maladi ki lakòz doulè a. Men gen kèk fwa, lè moun gen doulè, lè l mete kèk bagay frèt ou byen cho sou pati li gen doulè a ,li jwenn soulajman.

Lè moun gen doulè ki pa pwovoke enflamasyon nan pati malad la, li ka itilize plant medisinal sa yo:

Babadin: Pase fèy babadin yo sou flanm dife, graje miskad, melanje l ak suif pou w badijonnen fè chofe yo, pou w mete sou pati ki gen doulè a tankou konpwès. Mete yon bandaj pwòp pou w soutni fèy yo. Se yon renmèd pou soulaje doulè atikilasyon yo.

Seleri, pèsi, tabak: Lave fèy yo pile yo ansanm, mete yon ti sèl amonyak nan fèy pile yo ; lè w gen ipogastralji, kivledi anba vant fè mal, mete konpwès sa sou vant la.

Chou pome: Mete yon fèy chou pome bouyi nan lèt pou l byen lage, mete fèy la sou pati k ap fè w mal la ; kite fèy la sou li pou yon bon ti tan.

Grenadin: Pran po 2 frui mete yo tranpe nan 2 lit dlo frèt pandan 3 jou. Likid la vin gen koulè nwa ou byen jòn lè w melanje mwatye ladan ak dlo bouyi frèt. Bwè 2 ou byen 3 vè pandan jounen an, nan maserasyon w fè a.Ou fè sa chak jou pandan yon mwa, pou w konbat doulè a.

Li blan: Mete flè li blan an tranpe nan luil doliv, pou w mete sou pati k ap fè w mal la.

Papay: Kraze fèy papay yo nan luil maskriti, mete l tyèd pou w mete sou pati k ap fè w mal la, enpi bande pati malad la.




Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 



 
Moso listwa Dayiti