Se yon seri medikaman ki pèmèt moun pipi anpil lè l aji sou ren yo . Gen anpil bagay moun ka itilize pou yo prepare renmèd diyiretik.
Moun pa dwe bwè renmèd diyiretik san kontwòl, paske yo ka gen gwo konsekans sou òganism la. Si moun lan itilize renmèd diyiretik san kontwòl li ka vin gen edèm.
Edèm vledi enflamasyon yon pati kèlkonk kò a. Moun lan ka vin soufri ensifizans kadyak, li ka vin soufri ipètansyon ateryèl ki vledi maladi tansyon twò wo.
Lè moun soufri ensifizans renal li pa dwe pran renmèd diyiretik. Se travayè sante sèlman ki ka jije si li nesesè pou bay moun ki vle megri yon diyiretik, si moun lan obèz, kivledi twò gwo.
Men, si pa gen okenn anpèchman, nou ka itilize plant medisinal sayo k ap ogmante kantite pipi a:
CHADWON BENI | GONBO | YIKA
Pran tèt pye yika a, lave l, lave kèk chadwon beni ak 3 jèn gonbo, mete yo nan dlo ki fenk fin bouyi , kite yo tranpe. Moun ki pa ka pipi ap bwè l tankou tiza n tout jounen.
ZEPINA PEYI:
Lave yon pye zepina ak tout rasin. Mete l tranpe nan yon lit dlo ki fenk fin bouyi. Moun ki pa ka pipi a, ap pran enfizyon sa tankou tiza n tout jounen.
GONBO:
Fè yon dite ak grenn Gonbo pou moun ki pa ka pipi a bwè tout jounen.
ZONYON:
Lave l, koupe l tou won pou w manje tou kri, Se yon bon diyiretik k ap pèmèt ou pipi.
Lòt fason nou ka itilize zonyon an ankò, se lè nou bouyi zonyon rache a, enpi nou bay moun ki pa ka pipi a bwè dlo a.
POWO:
Bouyi powo a pou moun ki pa ka pipi a bwè tout jounen.
PÒM KANÈL:
Pile grenn pòm kanèl, mete poud la bouyi pou w bay moun ki pa ka pipi a bwè dite a tout jounen, tankou tiza n
RADI:
Lave radi a, graje l pou w pran ji a. Mete menm kantite siwo myèl. Moun ki gen pwoblèm pa ka pipi a ap bwè 3 ou byen 4 ti kiyè chak jou.
WOZO:
Lave rasin wozo a, pile l fen, mete l bouyi pandan 20 minit nan yon lit dlo. Lè l frèt, moun ki gen pwoblèm pa ka pipi ap bwè tiza n lan, men li dwe fè atansyon pou l pa bwè wozo a twòp
TE PEYI :
Pran yon pye te peyi ak tout rasin, bouyi dlo vide sou li, pou bay moun ki gen pwoblèm pa ka pipi a bwè tankou tiza n.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|