Se medikaman moun pran pou pwòpte kò a. Medikaman sa yo pèmèt kò a jete dechè li pa bezwen. Lontan, tout renmèd moun yo konn itilize pou netwaye òganism la , yo te konn rele yo depiratif, nou te ka di, yon mèstin, yon lòk, ki souvan prepare ak plant ou byen ak bagay ki soti nan plant yo, tankou dlo kokoye, ji sitwon, luil dous, luil maskriti, se depiratif, paske renmèd sa yo ka dezentosike kò a.
Preparasyon sa yo, granmoun yo te konn itilize yo pou pwopriyete diyiretik yo.Sa vle di bagay sa yo aji sou ren moun, pou fè yo pipi byen si yo te soufri retansyon irinè. Yo gen pwopriyete depirativ, yo pirifye lestomak la. Depiratif yo gen pwopriyete sidorifik , sa vle di, renmèd sa yo aji sou gland ki responsab sekresyon syè a lè w itilize yo , yo pèmèt ou sye. Lasyè, se yon n nan mwayen pou kò a jete dechè apati likid nou bwè. Renmèd ou pran pou w vide lestomak la, se yon renmèd ki fè w vomi.
Moun alèkile yo pa twò anplwaye tèm depiratif la, yo ranplase l ak mèstin, ou byen lòk.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|