Se yon enfèksyon, ak yon mikwòb ki kapab prezante sou fòm yon epidemi. Epidemi, se yon maladi ki frape tout yon kominote yon sèl kou. Se yon marengwen ki rele ayedès ejipti ki transmèt moun mikòb deng la. Nou trouve marengwen ayedès ejipti ki transmèt deng lan nan tout rejyon twopikal lemondantye.
Lè yo di rejyon twopikal, savledi, pati ki fè chalè, ki fè cho nan tout peyi sou latè. Maladi deng la deklare apwe 5 jou marengwen ki pote mikòb la nan bouch li a mode w. Siy ak sentòm ki pèmèt nou rekonèt ou byen sispèk moun soufri maladi deng la, se gwo fyèv 40 degre ak sefale kivledi tèt fè mal.
Moun ki trape maladi deng lan santi gwo doulè. Moun ki soufri maladi deng lan gen vomisman. Nan dezyèm jou maladi a deklare a, malad la gen boouton ak lòt pwoblèm ki parèt sou po kò a. Maladi nan po a ka pran plizyè fòm. Apre twazyèm jou maladi deng lan deklare moun lan, li jwenn yon ti kalmi, li fè yon ti refè, men, mikòb yo toujou rete nan san l. Apre ti moman soulajman sa, 2 a 3
jou konsa, tout siy ak sentòm maladi deng la retounen sou malad la.
Apresa, maladi deng la pra l soti sou malad la, li kite l san fòs, nan movèzeta. Lè moun soufri maladi deng, li dwe ale nan dispansè, nan lopital. Men, nan ka maladi deng lan, travayè sante yo pral bay malad la medikaman pou trete siy ak sentòm ki prezante, enpi travayè sante yo pral bay malad la renmèd pou bay li fòs.
Lè moun soufri maladi deng lan, li dwe pran yon trètman ji zoranj, ji chadèk ak ji sitwon. Men, meyè fason pou nou trete maladi deng lan, se ak prekosyon. Nou dwe anpeche moustik ayedès ejipti mode nou, pou nou pwoteje tèt nou kont mikòb la. Marengwen tout kalite, se nan ma dlo yo kale pa bann ak pa pakèt. Sepousa, nou dwe bouche twou ma dlo, tout twou dlo devan pòt nou. Leta dwe fè kanalizasyon enpi mete pwodi nan dlo yo pou anpeche marengwen kale, enpi devlope.
Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.
|