Sante: Enfòmasyon | Remèd fèy | Kèk pwoblèm sante piblik!
 
Maladi ak Renmèd Fèy: Dan ak pwoblèm dantisyon

Lè dan yo ap premye pete nan bouch ti bebe, yo rele dan sayo, dan lèt ou byen dan tanporè. Yon ti moun gen 20 dan tanporè. Yon granmoun gen 32 dan. Gen 20 nan dan sayo ki te rache pou kont yo, yo tonbe pandan nou te timoun enpi yo repouse. Dan lèt yo kòmanse parèt lè ti bebe a gen laj ant 6 ak 8 mwa. Yo pran 2 lane edmi a 3 lane pou yo fin pouse.

Gen ti bebe ki fè dan san pwoblèm, men gen lòt ti bebe ki gen gwo pwoblèm lè y ap fè dan lakòz dan yo ap monte, ap chire jansiv li pou yo soti. Sa lakòz timoun lan kriye, li ajite, li pa ka dòmi. Lè ti moun lan pra l fè dan, n ap remake li gen lafyèv, li gen dyare, vomisman ak tous. Lè ti moun lan fin fè dan, twoub sa yo disparèt. Lè ti moun lan ap fè dan, nou ka itilize plant medisinal sa yo  pou n prepare kalman pou li.

Yon kalman se yon renmèd ki kalme doulè.

Sitwon: Pran ji sitwon-an, melanje l ak siwo myèl, fwote jansiv bebe a ak li.

Kowosòl: Lave yon ponyen fèy kowosòl, fwote yo, tranpe yo nan  dlo tyèd pou w benyen timoun lan aswè lè l pra l kouche.

Pwin dèspay: Lave yon ponyen fèy pwin despay, pile yo, pran ji-a, melanje l ak siwo myèl pou w fwote jansiv timoun lan ak li dousman.

Tamaren si: Pran nannan yon frui pou w fwote jansiv timoun k ap fè dan an l ap jwenn bonjan soulajman.

Renmèd fèy, se lavni peyi dayiti. Renmèd fèy, se lavi peyi dayiti.

 

 

 

 

 

 



 
Moso listwa Dayiti